Nan okazyon atelye pou fini travay sou Liv Inik lan, Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, anonse gen gwo chanjman ki pral fèt nan fason ansèyman fèt nan peyi a avèk dokiman sa ki pral sèvi pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal.
Minis Nesmy Manigat ki t ap patisipe nan aktivite sa prezante enstalasyon lang kreyòl la kòm lang ansèyman nan klas premye ak dezyèm ane fondamantal ak yon pi bon itilizasyon de lang fransè a kòm de nan pi gwo defi Ministè a gen pou leve pandan ane akademik 2022-2023 a.
Pou Minis edikasyon nasyonal la, si kominote edikatif la konprann nesesite pou itilize zouti ansèyman sa, Liv Inik lan, ak aprantisaj la nan fòma liv papye ak nimerik, sa kapab mennen sou yon transfòmasyon reyèl nan fason lekòl ap fèt anndan peyi a.
Nesmy Manigat te tou pwofite pou konfime vèsyon enprime Liv Inik lan pou premye ane fondamantal la pare e anonse distribisyon plis pase 25,000 liv ak anseyan k ap travay nan klas sa.
Apati janvye 2023, Ministè a ap lanse yon gwo operasyon pou distribiye Liv Inik lan nan 10 Direksyon depatmantal edikasyon yo nan peyi a. Liv sa pral itilize konplètman nan vèsyon papye daprè Kwòdonatè jeneral pòl ansèyman ak kalite a, Joseph Job Maurice.