Yon jounen trajik nan Sous Matla ak Kanaran, bandi touye plizyè moun

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon jounen trajik nan sous matla ak kanaran, bandi touye plizyè moun

Ayè mèkredi 19 avril 2023 a, bandi ak zam nan Kanaran atake plizyè lokalite ki sitiye nan antre nò kapital la, pami yo Sous Matla, ki sitiye li nan komin Kabarè.

Depi ayè byen bonè plizyè moun te siyale sitiyasyon an te dejenere la, nan moman komin Petyonvil t ap pran kal pa li anba men bandi Vitelhomme Innocent. Konsa, nou aprann plizyè moun fè vwèl pou peyi san chapo pandan atak malfektè yo ki sou lòd “Ti Jeff”, san konte sa ki blese.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, plis pase yon dizèn moun mouri nan zòn Sous Matla ak Kanaran. Plizyè kontni amatè montre kijan kèk moun t ap kouri pou sove po yo anba firè bandi yo. Konsa tou, genyen lòt ekstrè ki montre kadav krabinen ak bal oubyen ki dekapite ak manchèt atè nan lari.

Pandan menm jounen sila otè zak yo te pwofite atake Prizon sivil Kabarè a, erezman fòs lòd ki te sou plas te kontrekare atak la ak repouse yo.

Nan Kabarè, sitiyasyon an rete sou tansyon depi ane pase akòz dispozisyon gang ame yo ki nan antre nò kapital la Pòtoprens pran pou kontwole zòn sila, epi popilasyon sivil la pa epanye. Epi kriminèl yo jwenn sipò bandi ki sòti Vilaj de Dye.

An desanm 2022, yon ventèn moun te mouri nan Sous Matla deja swit ak yon masak menm bandi Kanaran yo te fè akòz moun nan zòn nan pat vle yo vin enstale yon chèf gang  pou dirije zòn nan.

Malgre entèvansyon lapolis repete nan zòn sa a, kote plis pase 68 000 abitan, gang ame yo toujou domine akòz prezans lapolis redwi la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.