Yon eskandal seksyèl mete fen nan karyè plizyè polisye nan Tennessee, peyi Lèzetazini. Yon polisye fanm ale nan relasyon seksyèl ak omwen 5 kòlèg travay li alòske yo tout te an sèvis.
Meagan Hall, ki gen 26 lane aktyèlman, te kouche avèk plizyè polisye parèy li, alòske yo tout t ap travay nan pòs polis kote yo afekte a, nan lane 2022. Meagan Hall te kòmanse travay kòm polisye nan lane 2020.
Aprè majistra vil la, Jason Cole, te jwenn divès enfòmasyon ki fè konnen fanm nan te nan relasyon entim avèk plizyè kòlèg travay li nan depatman polis La Vergne nan, li te deside foure dwèt li pi fon nan kalalou a ak ouvèti yon ankèt 12 desanm pase a.
Polisye fanm nan deklare se fòse yo te fòse l ale nan relasyon ak siperyè li yo. Ofisye ki site nan koze a se sèjan Lewis Powell [moun li te premye fè bagay avèk li kòmansman 2022] , ofisye Patrick Magliocco, ofisye Larry Holladay, detektiv Seneca Shields epi ofisye Juan Lugo-Perez.
Chèf polis la, Burrrel « Chip » Davis pèdi travay li tou paske genyen nan rès bann nan ki akize li te konn kou a men l pa t deside enfòme siperyè li yo sa. Yo voye l ale nan mwa janvye ki sot pase la a paske l pa t siyale anyen ni bay polisye konsène yo sanksyon.
Megan Hall, pou kounya, pran lajistis pou li devan yon tribinal distri ameriken Tennessee kont sila ki te abize l seksyèlman yo.
Nan yon pwosè 51 paj li depoze yo ekri : “Kote Madam Hall t ap chèche modèl nan nouvo travay li a, se predatè ke li jwenn nan plas la. Olye yo te ofri l yon devlòpman pwofesyonèl, sipèvizè li yo prepare l pou yo te ka pwofite l seksyèlman.”
Dam nan, nan mikwo laprès menm revele siperyè li yo pa t ofri l okenn pwoteksyon, men pito yo te konn ap ba li gwo presyon pou yo manipile l epi abize l seksyèlman.
Meagan Hall revele akòz sa li pèdi maryaj li, e te menm rive yon moman li te panse tiye tèt li. Se premye fwa li pran lapawòl piblikman sou zafè sila.
Pou sa li pèdi, salè l, frè medikal, doulè, soufrans, detrès emosyonèl ak repitasyon li, viktim nan reklame yon sòm lajan ki pa detèmine kòm domaj ak enterè.
Facebook Comments