Yon mannken 39 lane ansent pou yon jèn basketè 22 lane

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon mannken 39 lane ansent pou yon jèn basketè 22 lane

Draya Michele ki se yon mannken pwofesyonèl 39 lane, anonse l ap pote pitit jèn basketè, Jalen Green ki apenn gen 22 lane. Yon istwa ki fè lank koule sou rezo sosyal yo.

Laj pa toujou rete yon chif. Si non Jalen Green ap fè anpil bri semèn sa yo, se pa pou pèfòmans li sou koulè ekip Houston Rockens la. Konpay li, Draya Michele, yon pèsonlite piblik, anonse li ansent. Anons sa mete dife sou twal la dènye jou sa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lemond toujou ostil anfas yon koup kote se fanm nan ki gen plis laj pase gason an. Lè se envès la ki fèt, sa pase tankou yon lèt nan lapòs. Nan sosyete jounen jodi a, yo esplike nan tout koup ki egziste, se sèlman 8% nan yo ki gen diferans laj ki depase 10 lane.

Lè yon fanm renmen ak yon gason ki pi piti nan laj pase l, yo rele l “cougar”. Pa janm gen yon non oubyen yon tèm ki ta pejoratif pou dekri yon nonm ki nan relasyon ak yon fanm ki gen mwens laj pase l. Se yon lòt pwen ki favorize gason yo nan jan de relasyon sa yo.

Toujou selon yon etid, yo konsidere laj pou yon fanm pi atirant se 18 lane. Nan ka pa gason yo, yo fè konnen tank y ap pran laj, se tank y ap elegan. Lè gason an rive nan 50 lane, li atenn apoje l nan elegans li.

Antouka, pwojektè yo fikse sou aktris la ak espòtif la ki sou wout fonde yon fanmi. Sa k plis touye entènot yo nan istwa a, sèke Draya gen yon pitit gason ki gen 21 lane. Lank pa sispann koule pou koze sa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.