Reprezantan CARICOM ak Kanada ap gen pou kòmanse yon vizit an Ayiti apati lendi 27 fevriye 2023 sa a. Objektif Misyon sa a se diskite ak tout pati yo yon fason pou evalye demann gouvènman ayisyen an pou voye yon fòs lame entènasyonal an Ayiti.
Chanselye Trinidadyen an Doktè Amery Browne fè anons sa a Jedi ki sot pase a. Sepandan, Minis Zafè Etranje a, Amery Browne, ensiste pou l fè konnen « li twò bonè pou pale sou voye yon twoup » an Ayiti.
« Li tap reyèlman enpòtan pou gen yon chita pale ant gouvènman ayisyen an jan li ye kounye a, sèvi lapolis nasyonal Ayiti a, eleman inpòtan an ak lòt moun ki gen enterè kle alantou tab la ak analize ki sa ki ta pi inpòtan pou pwochen etap yo », te deklare Amery Browne, Minis afè etranje a, daprè enfòmasyon jounal New Day rapòte.
« Yon desizyon kle chèf gouvènman nou yo te pran nan Bahamas se te desizyon pou lanse yon misyon espesyal an Ayiti pou gen reyinyon preliminè ak yon kantite pati konsène kle yo,” te di Doktè Amery Browne, tout pandan li te presze ekip sa a pral mete kanpe nan peyi Bahamas epi Fòs defans Bahamas yo pral transpòte l soti nan Bahamas pou ale an Ayiti.
Li enpòtan pou nou note, reprezantan peyi Kanada pral patisipe egalman nan misyon sa a, objektif la se fè fas ak sitiyasyon kriktik Ayiti ap travèse an pi vit posib.
N ap raple, desizyon pou voye yon misyon an Ayiti an te pran nan 44triyèm reyinyon òdinè Chèf Deta ak Gouvènman Caricom yo ki te fèt semèn pase a nan peyi Bahamas.
Facebook Comments