Yon nonm mouri pandan yon rapò seksyèl aprè l fin bwè konprime pou bann

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon nonm mouri pandan yon rapò seksyèl aprè l fin bwè konprime pou bann

Yon sitwayen anpil moun konnen sou non Sonson pèdi lavi l ayè lendi 3 jiyè 2023 a pandan yon rapò sekyèl aprè l ta fin konsome anviwon 5 konprime viagra pou l te kapab gen plis andirans.

Daprè temwayaj plizyè zanmi defen an, Sonson te bwè yon total 5 tablèt nan konprime sa. Li te gen yon randevou ak yon jèn fi paske li te vle bay satisfaksyon nan zafè fè sèks.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pyès enfòmasyon sou eta sante jennonm lan avan ensidan sa poko disponib. Toutfwa, nou te pale ak yon pèsonèl lasante sou sijè a pou te ede nou konprann yon ansanm reyalite nan zafè estimilan sekyèl gason yo souvan konsome anvan rapò seksyèl yo.

“Viagra a se yon konprime ki souvan itilize nan ka yon gason ki gen difikilte pou jwenn bann”, sa pwofesyonèl nan domèn lasante nou te kontakte an fè nou konnen.

“Lè yon gason pran konprime sa ki fèt ak baz Sildenafil, li dilate veso sangen yo pou plis san pase epi rive nan tèt peni an ki pral amelyore andirans seksyèl konsomatè a. Li pa rekòmande pou moun ki te deja gen pwoblèm kadyak tankou ensifizans kadyak. Nan yon ka parèy, gen posibilite pou maladi a vin pi grav epi sa lakoz kè a lache nan kèk ka”, sa li rapouswiv pou eksplike.

Jan de ka sa yo souvan repete nan peyi a. Mesye yo souvan itilize mwayen altènatif sa san konsèy medikal, ki malerezman konn fini ak nouvèl trajik sa yo. Li vin plis enpòtan pou amatè sèks yo konsome pwodui natirèl epi swiv konsèy medsen pou kapab bay bon jan satisfaksyon nan rapò seksyèl yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.