Eli demokrat Hakeem Jeffries deziyen, mèkredi 30 novanm 2022 a, pou ranplase Nancy Pelosi epi pou vin dirije Chanm reprezantan yo nan peyi etazini. Se premye fwa sa fèt, paske li se premye nwa ki okipe yon responsabilite konsa nan Kongrè ameriken an.
Depite ameriken 52 lane a, ki manb Kongrè ameriken an pou 4 lane, okipe senkyèm ran ki pi elve nan direksyon demokrat la depi 2019. Toutfwa li se chèf minorite a, li pa prezidan.
Pandan eleksyon mitan manda yo Ozetazini nan mwa novanm nan, Repibliken yo pa t rive fè viktwa sou tout liy lan jan sa te prevwa a, men yo te jwenn yon ti minorite nan Chanm ki pi ba Kongrè a.
Lè Madam Pelosi, ki gen 82 lane, te anonse retrèt li 17 novanm pase a, li te deklare: “Lè a rive pou yon nouvèl jenerasyon dirije « caucus » demokrat la”.
N ap raple toutfwa, repibliken Kalifònyen Kevin McCarthy, ki okipe aktyèlman pòs chèf minorite a, deziyen kòm chwa pati a pou l vin prezidan Chanm nan, men li dwe ranpòte pi fò nan vòt la nan Chanm nan, ki se 218, nan mwa janvye k ap vini la pou l ka okipe pòs sila.
Facebook Comments