Minis komès la fè konprann pa gen okenn rate gaz sou mache lokal la 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
minis komès la fè konprann pa gen okenn rate gaz sou mache lokal la 

Fas ak konsta ki fèt sou 2 dènye semèn yo, kote plizyè estasyon sèvis fèmen oubyen nan gwo difikilte pou sèvi konsomatè yo, Minis komès la, Ricardin Saint Jean, garanti popilasyon an pa gen okenn rate gaz sou mache lokal la. 

Daprè Minis komès ak endistri a, sitiyasyon sa ki genyen nan kesyon distribisyon regilye pwodui petwolye yo nan estasyon sèvis yo dènye jou sa yo vini akoz difikilte kèk ponp pou distribiye gaz la kòmsadwa nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou kesyon gran nò peyi a ki toujou gen gwo difikilte pou alimante depi repriz distribisyon pwodui petwolye yo nan Tèminal yo, Minis Saint Jean fè konnen kamyon sitèn yo ki pa sispann detounen pou alimante mache enfòmèl la se prensipal koz la. 

Fas ak sitiyasyon sa ki genyen nan plizyè estasyon sèvis nan rejyon metwopolitèn lan dènye jou sa yo, anpil kesyon pa sispann poze sou ralanti sa ki genyen nan distribisyon gaz la nan estasyon sèvis yo. Minis komès lan fè entèvansyon sa pou garanti sila yo k ap enkyete pou pa ta gen yon nouvo ratman gaz nan peyi a. 

N ap raple, gouvènman an plas la te pran desizyon pou retire sibvansyon sou petwolye yo ki, daprè sa yo te avanse kòm agiman, se yon pwa ki twò lou pou Leta sipòte. Ak desizyon sa, pri gaz yo ajiste nan ponp yo kote gen yon ogmantasyon 128 % ki fèt globalman nan pri yo. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.