Yon piblisite Louis Vuitton met Messi ak Cristiano Ronaldo nan tèt kole 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon piblisite louis vuitton met messi ak cristiano ronaldo nan tèt kole 

Jounen jodi 19 Novanm nan, gen yon piblikasyon ki fèt simaltaneman sou rezo sosyal Messi yo ak pa Cristiano Ronaldo yo. Se yon piblisite pou mak Louis Vuitton an ki met 2 gwo sipèsta mondyal yo nan danse kole.  

Avan jounen sila te kòmanse, pyès fanatik pa t atann yo ak yon piblikasyon konsa. Wè Lionel Messi ak Cristiano Ronaldo, 2 rival pandan plis pase 15 lane, sou menm t ap nan yon foto, se t ap parèt ireyèl. Poutan, Louis Vuitton reyisi mete yo nan yon menm kliche e foto sa ap fè wout li sou nèt la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan foto sa, nou ka remake 2 gran jwè yo, tèt bese sou yon echikye, k ap pataje yon pati pasyonan nan espò serebral sa a. 2 zetwal yo abiye an nwa, epi yo bay lè moun k ap tann yon vwayaj pandan valiz liks Louis Vuitton yo byen poze anba koud yo. Yon imaj vo mil mo, Leo AK CR7 ap kraze yon pati echèk. 

Nan piblikasyon yo, se menm mesaj yo ki poste sou paj jwè sa yo : « Laviktwa se yon eta despri » nan lang respektif 2 kokennchenn lejand yo. Sou valiz Louis Vuitton yo, nou ka konprann se 12 balon dò, 13 soulye dò, 9 Champions League ak plis pase 1400 gòl ki poze nan fason ki pi trankil la pou yo moman, ant detant ak atant. 

Se yon foto ki ale vit, yon imaj mond foutbòl la kontan wè. Fòk nou raple jwè sa yo toujou montre respè youn pou lòt sou teren tankou deyò teren. Sa gen kèk jou, Cristiano ansanse Messi nan yon entèvyou li te bay. Se yon imaj ki pote kontantman yon jou avan lansman Mondyal 2022 a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.