Nan lannwit dimanche 11 septanm 22 a, Premye minis Ariel Henry te anonse pri gaz la pral moute, nan mwens pase vennkat èdtan apre anons Premye Minis la sou ogmantasyon pri gaz nan ponp yo, manifestan nan plizyè gwo vil atravè peyi a te kòmanse krache kòlè kont desizyon chèf gouvènman an pran.
Okap, manifestan yo mete dife nan yon estasyon gaz ki chita nan ri 6-A. Ponpye yo te vini sou sèn nan pou kanpe dife a epi anpeche gwo domaj kolateral.
Pandan yo t ap pase, manifestan yo te eseye mete dife nan yon lòt ponp gaz nan Ri 9-A. Si se pa t vijilans moun ki rete nan katye a, ponp sila tap soufri menm sò ak lòt ponp lan.
« Nou mande disponiblite gaz la a, pa ogmantasyon nan pri li yo », se chante sa yo manifestan yo tap chante, tout pandan yo tap akize pwopriyetè estasyon gaz yo, di yo fè komès ilegal ak gaz la.
Sonje byen, gouvènman Ariel Henry an te deja ogmante, nan mwa desanm 2021 an, pri gaz nan ponp yo. Fwa sa a, anons chèf gouvènman an vini nan yon kontèks ki make ak yom kriz ekonomik ki grav, kote lavi chè ap fè ravaj, san bliye se premye fwa to enflasyon an te rive nan prèske 30% pou plis pase dis ane.

