Prezidan Sena ayisyen an, Joseph Lambert, ak ansyen Prezidan Sena a, Youri Latortue, kapab pran gwo sankyon anba men otorite peyi kanada ak Etazini pou divès akizasyon sa a yo, “ move kondwit politik, sipò finansye epi materyèl lagè ak gwoup gang, daprè rapò ajans entèlijans Kanada ak Etazini emèt sant yo.
Tranzaksyon ak 2 politisyen sa yo pral entèdi, sa ki vle di lajistis kapab sezi nenpòt byen aktè sa a yo posede nan peyi Kanada tankou nan peyi Etazini, dapè biwo Minis Afè Etranjè a, Mélanie Joly.
Ottawa ak Washington ap eseye destabilize sa yo rele elit politik ayisyen an ki, yo kwè ki sipòte epi finanse anpil gwoup gang nan peyi Dayiti.
Gouvènman Kanadyen an enpoze nouvo sanksyon kont 2 politisyen ayisyen sa a yo, an kolaborasyon ak gouvènman Etazini an kont Prezidan Sena ayisyen an, Joseph Lambert, ak ansyen Prezidan Sena a, Youri Latortue, pou rezon enplikasyon yo nan finansman plizyè gwoup gang an Ayiti.
Pandan yo relate tou, gen etid k ap fèt pou sezi byen 2 politisyen sa a yo genyen nan peyi yo a.
Toutfwa, jiska moman piblikasyon atik sa a, gouvènman Kanadyen an ak Ameriken an poko ka di si 2 politisyen yo genyen byen oswa byen ki ta ka afekte nan 2 peyi sa yo.

