Yon ajan BLTS jwenn arestasyon l nan zafè kagezon zam Legliz episkopal la

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
yon ajan blts jwenn arestasyon l nan zafè kagezon zam legliz episkopal la

Aktyèlman, Biwo lit kont trafik dwòg (BLTS) nan grèv akoz arestasyon youn nan ajan li yo ki se Ronald Docteur. Non polisye sila site nan zafè kagezon zam Legliz episkopal la (EEH).

Nan dat premye jen pase a, Ronald Docteur jwenn arestasyon li pa bò kote Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ). Yo fè konnen polisye sila ta ede frè li, Johnny Docteur, sove kite peyi a alòske non li site nan dosye EEH la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, Johnny Docteur se Asistan-direktè Ministè ekonomi ak finans. Frè li ki se yon ajan BLTS, daprè DCPJ, ede l pase pa Plato Santral pou l rive Repiblik dominikèn epi lage kò l Nouyòk, kay tonton Sam, san konte sa yo repwoche l yo.

Sendika polisye ayisyen yo (SYNAPOHA) ki te fè mesaj la pase, bay gwo alèt sou sitiyasyon an epi mande Direksyon jeneral polis la fè yon entèvansyon prese prese akoz gen anpil tansyon nan baz BLTS la ki sispann travay depi lè sa.

Inite espesyalize a mande, nan yon premye tan, liberasyon san kondisyon ajan Ronald Docteur epi yon lòt kote, revokasyon Komisè polis Pascal Volcy kòm responsab BLTS la. Yo akize li ta livre frè yo an pou kondanasyon. Ajan yo ki afekte nan BLTS lan di toutan yo pa satisfè bezwen yo, yo pa p reprann travay.

N ap raple, plis pase yon dizèn moun deja jwenn arestasyon yo nan zafè sila e pi fò sòti nan kominote relijye a.

Nan dat 14 jiyè 2021, pandan yon fouy anndan divès konntenè nan waf Pòtoprens lan, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) te rive sezi 18 zam otomatik ki gen ladan 6 AK-47, Galil ak M-4, 4 zam 9 milimèt, yon fizi kalib 12, 14 646 katouch, yon vizè, 140 chajè divès kalib ak yon montan 50 mil dola. Tout te sou non Legliz Episkopal Ayiti.

Zam ak katouch sila yo te dwe al jwenn kèk gang tankou 400 Mawozo nan Kwadèboukè, daprè DCPJ.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.