NETALKOLE

Yon twazyèm rankont fèt nan peyi Kanada sou dosye Ayiti a 

Yon gwo reyinyon tanmen yon lòt fwa ankò o Kanada sou sa k ap pase an Ayiti aktyèlman. Premye minis kanadyen an Justin Trudeau konvoke  « Gwoup Repons Ensidan » pou chita pale sou sitiyasyon sosyo politik ak sekiritè peyi a. 

Pandan echanj yo, gwoup sila te enfòme sou evolisyon kriz la pa bò isit aprè plizyè semèn peyi a te bloke epi tonbe anba men gang ki te bloke plizyè zòn ak sit ki enpòtan nan Pòtoprens epi teritwa depann de yo. 

Sou tab diskisyon yo nou te jwenn anbasadè ak reprezantan pèmanan Kanada pa bò kote Nasyonzini nan Nouyòk, Bob Rae ; anbasadè Kanada Ozetazini, Kirsteb Hilllan ; epi anbasadè Kanada an Ayiti, Sébastien Carrière. 

Yo te enfòme gwoup la sou amelyorasyon sitiyasyon an an Ayiti pandan dènye jou sa yo, etandone otorite polisyè yo rive demantle gang ki te bare wout ak sit kle yo, epi aktè politik yo reprann chimen dyalòg. 

Premye minis Justin Trudeau nan tèt kole ak 3 anbasadè nou sot site la yo te diskite sou divès lòt mwayen yo anvizaje pou soutni pèp ayisyen an pandan peryòd difisil sa, ladan l nan yon kolaborasyon ak Kominote Karayib yo (CARICOM), Nasyonzini, Lèzetazini, ak plizyè òganizasyon sosyete sivil la ak lòt patnè. 

Nan yon kominike, Premye minis Trudeau souliyen nesesite ki genyen pou bon jan dispozisyon pran pou jwenn yon solisyon Ayisyen yo ap dirije epi pou yo fè fas ak kriz la an Ayiti. 

N ap raple depi aprè mobilizasyon « Bwa Kale » yo sou tout etandi teritwa a pou te pwoteste kont gouvènman Ariel Henry a, ki te pran desizyon monte pri gaz la nan ponp yo ak pa sibvansyone pri l ankò sou mache a, pèp la te pran lari epi bloke tout bagay. 

Se t ap pral okazyon pou bandi G9 yo, ki gen pou chèf Jimmy Cherizier alyas Babekyou, te bloke tèminal Varreux nan Site Solèy ki founi teritwa nasyonal gaz, pami kèk lòt pwodwi premye nesesite. San konte ensekirite a t ap grandi nan plizyè lòt lokalite nan Pòtoprens ak vil pwovens yo.  

Fas ak sitiyasyon an manifestasyon yo te ranfòse nan 4 kwen peyi a, plizyè moun te pran lari pou rele chalbare dèyè Lèzetazini ak Kanada an rezon yo te vle fè yon entèvansyon militè sou teritwa. 

Aprè divès chita pale Kanada ak Lèzetazini te pran desizyon pou pran sanksyon kont tout moun ki patisipe nan kraze peyi a ak moun k ap finanse yo, ladan yo gen bandi, otorite nan Leta ak lòt pèsonalite ki gen enfliyans. Men jiskaprezan pako gen okenn lis ofisyèl ki sòti. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire