Yon vòl Delta fè fas ak yon aterisaj ijans akoz yon pasaje ki te gen dyare

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon vòl delta fè fas ak yon aterisaj ijans akoz yon pasaje ki te gen dyare

Yon vòl Delta ki te soti Atlanta pou ale Barcelone te oblije retounen an ijans epi fè yon aterisaj prese prese apre yon pasaje te fè eksperyans dyare nan tout avyon an.

Ensidan an te rive vandredi pase a, lè Airbus A350 te nan lè a pandan de zè de tan sou wout transatlantik ant Georgia ak Espagne. Pilòt la te mande pèmisyon pou l retounen Atlanta akòz sitiyasyon sa ki pa t atann.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Se yon pwoblèm byo aza (risque biologique)”, deklarasyon pilòt la ki te ra pouswiv pou di : “Nou te gen yon pasaje ki te gen dyare nan tout avyon an, epi yo te mande nou tounen nan Atlanta san pèdi tan.”

Ensidan sa san dout te pran tout moun ki t ap vwayaje nan avyon an pa sipriz, tankou pasaje yo ak ekipaj kabin yo. Sitiyasyon sa te fè pasaje yo pa t santi yo konfòtab. Se sak fè ekipaj la te oblije jere yon sitiyasyon ekstraòdinè.

Sepandan, nan moman sa a, detay sou idantite pasaje ki te gen dyare a rete enkoni.

Evènman etranj sa mete aksan sou defi konpayi avyon yo ak ekipaj kabin yo rankontre pafwa. Li raple tou enpòtans sekirite abò avyon ak bezwen pou pasaje yo respekte règ ki tabli pou garanti yon vwayaj ki an sekirite epi konfòtab pou tout moun.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.