Yon wo responsab dominiken pa dakò ak apèl Nasyonzini fè pou pa rapatriye Ayisyen k ap sove kite peyi yo 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon wo responsab dominiken pa dakò ak apèl nasyonzini fè pou pa rapatriye ayisyen k ap sove kite peyi yo 

Abel Martinez, ki se kandida pou prezidan ki sòti nan Pati Liberasyon Dominikèn nan (PLD), kanpe an kwa kont demand Wo Komisarya pou Refijye yo (HCR) fè nan favè migran Ayisyen yo k ap sove kite peyi d Ayiti akòz move kondisyon vi ak ensekirite a. Branch sila ki nan Nasyonzini te mande kominote entènasyonal la, sitou peyi ki nan rejyon an, pou yo pa voye Ayisyen yo tounen lakay yo. 

Abel Martinez fè konnen demand sila konstitiye yon enkonpreyansyon nan kad jiridik peyi yo pou kontwole popilasyon ilegal sou teritwa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Menm si Ayiti ap fè fas ak yon kriz imanitè, Repiblik dominikèn ap fè fas ak yon imigrasyon Ayisyen ki pa regilye ditou depi deseni sa yo”, se deklarasyon responsab la ki ajoute : « Rezon ki fè HCR lanse alèt sa a pa koresponn ak reyalite istorik migran iregilye k ap rive nan peyi nou an. Kidonk, vyolans tribòbabò, kidnapin, piyaj, batay ant fòs ak zam yo epi pwoblèm sante a, se yon ansanm pwoblèm nou menm Dominiken te toujou avèti sou egzistans yo an Ayiti, e kominote entènasyonal la pa t janm pran sa oserye”. 

Antèt PLD a fè konnen  si l ta aksepte ekzekite demann ajans Nasyonzini an nan yon fason trè senp, li t ap oblije ouvri baryè yo ki sou fwontyè dominiken, sa t ap lakòz gen anpil moun ki t ap eseye antre sou tèritwa dominiken an. Li mande gouvènman Luis Abinader a pou yo toujou sonje yo dwe « garanti respè prensip yo ak respè souverènte teritwa ak tout sitwayen dominiken yo ». 

Martinez avèti tou si Repiblik dominikèn aksepte pliye anba apèl HCR, “sa reprezante yon gwo danje tou pou teritwa dominiken an, paske lè tout Ayisyen sa yo pral rantre an mas, yo pa p ka idantifye ni kriminèl, ni antisosyal, ni moun ki an konfli ak lwa an Ayiti, ansanm ak moun ki fè pati gang kriminèl yo”.

Kandida pou prezidan ki sòti nan Pati Liberasyon Dominikèn nan (PLD) la di li pa mache nan lide pou pwopoze yon sejou legal an Repiblik dominikèn jiskaske sitiyasyon an ranje nan peyi d Ayiti, paske jiskaprezan kominote entènasyonal la pako janm montre volonte li genyen pou l vin pote peyi d Ayiti sekou. 

N ap raple, Nasyonzini atravè dirijan ajans dwa moun ak refijye li yo te mande jedi 3 Novanm lan pou kominote entènasyonal la sispann voye Ayisyen ilegal yo tounen lakay yo an Ayiti akòz jan sitiyasyon an prezante aktyèlman. 

« Lè nou konsidere sitiyasyon sa bay anpil enkyetid, mwen mande tout Eta yo pou yo pote solidarite ak Ayiti e mwen ankouraje yo pou yo pa voye Ayisyen yo tounen nan yon peyi ki trè frajil », se te deklarasyon Wo Komisyonè pou Refijye yo (HCR), Filippo Grandi, nan yon kominike. 

Li te ankouraje gouvènman yo ki nan rejyon an pote solidarite yo bay refijye ayisyen yo, epi pou yo te fè tout mwayen posib pou Ayisyen sila yo jwenn aksè ak yon rejim legal, ak sèvis pwoteksyon ak akonpayman, kenpòt pou rezon yo ta kite peyi yo a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.