Zak piyaj yo kontinye nan vil Okap 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
zak piyaj yo kontinye nan vil okap 

Depi 2 semèn peyi a ap fè fas ak gwo mouvman pwotestasyon, aprè desizyon Premye Minis Ariel Henry te pran pou l ogmante pri gaz la sou mache lokal la. Ayè mèkredi ki te 5 oktòb 2022 a, Vil Okap te viv yon nouvo jounen manifestasyon kont gouvènman Ariel Henry an. Pandan manifestasyon sa a,  manifestan yo te piye plizyè konpayi. 

Manifestan sa yo nan dezyèm vil peyi a  ki te mete pye yo sou beton an, pou yo mande depa Chèf gouvènman, epi pou yo te denonse lavi chè ki ap ravaje popilayson an ak ensekirite, te tou pwofite, piye kèk magazen yo jwenn sou wout yo pandan yap manifeste. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè yon magazen Valerio Canez foul moun sa yo te piye. Daprè  enfòmasyon ki rive jwenn jounal la, Vil Okap te fè fas ak gwo tansyon ayè Mèkredi 5 oktòb 2022 a. Manifestan yo te atake biznis k ap vann pwovizyon manje, ak plizyè lòt anko epi yo te piye yo. 

Men sepadan, sa pat pran anpil tan pou Lapolis te reyaji yon fason pou yo te anpeche zak piyaj sa yo, yo te fè sa lè yo te  dispèse manifestan sa yo ki tap piye ak gaz lakrimojèn.  

Nap raple Ariel Henry pa gen entansyon fè bak sou desizyon li pran pou ogmante pri gaz la. Nan nouvo adrès li bay nasyon an Mèkredi 5 oktòb 2022 a, Premye Minis redi Leta a pa ka kontinye sibvansyone pwodwi petwòl « pou benefis pi rich yo ». 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.