Nan kad dispozisyon ki pran bò kote otorite dominiken yo pou anpeche kolera rantre lakay yo aprè gouvènman ayisyen te fin anonse prezans maladi sa sou teritwa ayisyen an, manje kwit ki sòti Ayiti entèdi pou rantre sou teritwa ayisyen an.
Otorite dominiken nan pwovens fwontalye Dajabón anonse mezi entèdiksyon pou rantre sou teritwa dominiken an nan mache vil sa de peyi yo pataje sou fwontyè a. Yon mezi ki adopte aprè gouvènman ayisyen deklare prezans yon lòt fwa ankò kolera sou teritwa ayisyen an.
Enfòmasyon sa rann piblik nan yon reyinyon Direktè pwovensyal sante piblik la, García Espinal t ap dirije avèk responsab yo sou mezi sanitè ki dwe mete sou pye aprè aparisyon epidemi kolera nan peyi a yon lòt fwa ankò.
Après reyinyon sa, responsab yo nan peyi Repiblik Dominikèn deside mete sou pye nan lè k ap vini yo de enstalasyon pou lave men. Anplis, yon pèsonèl espesyalize pral deplwaye sou plas pou trete ka sispèk yo k ap rantre sou fwontyè a.
Pou sa ki gen pou wè ak mache sou fwontyè a, otorite yo kwòdone avèk biwo majistra pou mete an plas de enstalasyon pou lave men ak lòt mezi prevansyon kont tout pwopagasyon maladi a sou teritwa dominiken an.
Pandan reyinyon sa, otorite yo mande popilasyon an pou byen kwit sa y ap manje yo epi lave men yo souvan pou evite yo trape maladi sa.
Facebook Comments