10 efè negatif laponyèt ka genyen sou gason k ap pratike l

Revital Lynch
ParRevital Lynch

Daprè avi kèk espesyalis, mastibasyon oubyen laponyèt pa ka gen twò gwo efè sou sante fizik yon moun. Men, si yon moun pran plezi nan pratike l twòp, li gen kèk lòt bagay li ka koze lakay moun sa, sitou pou gason yo paske mastibasyon lakay fi gen mwens enpak fizik.

Nan sa ki gen pou wè ak efè laponyèt kapab genyen sou moun kap pratike l, ajans Netalkole Media te fè rechèch sou kèk efè ak enpak ekspè ak espesyalis nan sèks ak sante mental revele ki gen rapò ak adiksyon nan laponyèt. Dis (10) nan efè sa yo te parèt enpòtan pou moun k ap fè eksè nan mastibasyon. Men kòman lis la prezante :

- Advertisement -
Ad imageAd image

1- Adiksyon : Adiksyon an se deja yon gwo pwoblèm. Yon jèn gason ki adikte ak laponyèt ka rive nan yon pwen li bat laponyèt 3 a 5 fwa pa jou. Gen yon jèn gason* ki temwanye di l rive bat rekò 7 ke laponyèt déjà. Menmsi sa pa nui l li menm, li eksplike moun nan kay li konn bay kèk ti pleyen, paske chanpou kay la bay mwens tan. Misye menm fè konprann, li konn pran l san chapou lè l pa jwenn oubyen lè tèt li cho nan men l. Sitwayen an fè konprann, li paka pase yon jou san l pa bay tèt li plezi sa…

Gen yon lòt sitwayen* ki rakonte li menm li pa konte kantite fwa li fè sa nan yon jounen. Depi l al sou TikTok, li jwenn videyo kèk ti fanm k ap byen brase ren oubyen lè l al distrè l sou sit XXX yo, depi afè l pran dimansyon, li jere sa san pèdi tan…

Yon moun k ap pratike laponyèt dwe konnen sa ka fè efè sou konpòtman l e rann li manke fokis e menm pa rive bay bon rannman lè l ap plimen.

« Anpil fwa, adiksyon yo konn pa chita sou koz plezi moun jwenn nan laponyèt la. Gen moun se pote li konn pote pwoblèm li yo sou mastibasyon an pou l jwenn yon lòt fòm satisfaksyon », selon Doktè Catherine Solano (yon seksològ fransèz). Konsa, chak moun lan gen yon problèm, li bat laponyèt e konsa li tou vin yon abitid, yon defo ki konn difisil pou korije.

Nan koze adiksyon an, gen yon mesye* ki ap viv nan kay ak madanm li, li fè konnen madanm li konn kouche nan do l epi l al jere afè l an sekrè nan douch la, men, souvan, se lè l strese, li konn pa sou mande fi a epi l jere sa an solo.

2- Feblès sikolojik : Nan anpil ka, lè moun lan mastibe plis ke jan l ta dwe fè sa, li konn aji sou li nan yon nivo sa menm koz li manke efikas nan travay li, lekòl li ak anpil lòt aktivite enpòtan. Moun nan konn pratike yon fòm woutin ki koz li pa ka konsantre sou aktivite ki gen priorite yo.

Selon enpak sa fè sou moun k ap pratike mastibasyon twòp, kèk espesyalis nan domèn sante mantal konseye moun ki rive nan nivo adiksyon yo, si sa ta afekte yo twòp, li enpòtan pou yo wè yon espesyalis nan sa yo rele sèks terapi pou ede yo jere pwoblèm lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

3- Efè sou kalite spèm lan : Yon seksoterapet pwofesyonèl espesyalize nan koze twoub seksyèl ak santimantal, yo rele Karine Artaud, fè konnen kalite spèm lan ka diminye, paske l bezwen yon peryòd 3 jou pou l tounen fliyid jan l te ye anvan an, si moun nan fè sa chak jou, spèm lan riske pa gen bon kalite. Li ale pi lwen pou l eksplike : Nan kondisyon sa yo, spèm nan ap pi klè e l ap gen mwens spèmatozoyid. Men sa sitou pi prezan kay gason ki nan laj avanse.

4- Adiksyon pou pònografi : Jèn gason k ap mastibe yo souvan bezwen yon estimilan seksyèl. Yo renmen gade videyo pònografi. Istorik telefòn yo chaje ak sit XXX. Se sa kèk jèn ta lese konprann, nan fason yo jere vi laponyèt yo. Lè yo jwenn yon moun nan relasyon ak yo, yo souvan ap mande l foto pati entim li, sa yo rele ‘‘nid’’ (nude an anglè) paske yo di yo souvan pran plezi nan sa.

Gen yon jèn gason ki rive ale pi lwen. Li fè konnen li vin renmen pran jòf akoz laponyèt la. Depi yon patnè l ap fè bagay, li konn al gade pou l ka eksite epi l tou bat lapoula…

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lòt danje ki gen nan adiksyon ak pònografi a se pwoblèm finansye. Endistri pònografi a se yon biznis k ap brase anpil lajan nan bay moun divètisman nan sèks. Anpil moun k ap bat laponyèt renmen gade divès kategori pòno. Yo toujou ap chèche nouvote. Konsa, yo vin devlope yon fòm adiksyon. Sa konn koz moun sa yo konn al fè lòt eksperyans tankou al peye yon moun k ap fè komès sèks, vann kò yo pou lajan, elatriye.

Yon jèn gason ki rele Mito* eksplike li kòmanse bat laponyèt depi a katòz an. Pandan de (2) lane nan pratik la, li vin gen yon adiksyon pou pònografi. Menm adiksyon sa vin pouse l ralenti sou laponyèt la men l te vin renmen ale ‘‘nan kafe’’. Jis kounye a, li avwe li fè ti kout pye malgre li gen mennaj. Li admèt li gate, men l di pafwa laponyèt la oubyen ‘‘sèvis medam kafe yo’’ ede l anpil, sitou lè l strese.

Lòt remak Mito fè, se jan l te vin ralanti sou aktivite seksyèl limenm ak mennaj li, dèfwa l konn anfas patnè l la li mal pou l bande. Li te vin plis devlope yon fòm obsesyon ki te konn pouse l mande mennaj li anpil foto nid (foto toutouni). Fason l te konn al nan kontak ak mennaj li te vin chanje… Selon sa l di, se bagay Kamasoutra ki te vin ap regle.

5- Feblès seksyèl tankou difikilte pou bande oubyen pwoblèm andirans : Menm si se pa tout tan, men kèk jèn gason avwe yo konn gen difilkilte pou bande, yo konn santi se koz laponyèt la yo pratike twò souvan. Sou menm koze sa, kèk espesyalis siko-seksològ fè konnen yon eksè nan mastibasyon kapab nwi pwosesis pou ereksyon an fèt rapid ; lap koz kèk difikilte pou bande.

Espesyalis yo eksplike « Sèvo a se premye ògàn seksyèl kay lòm. Si li pa kontwole jan l ap jere vi seksyèl li, gen risk pou sèvo a anvayi epi debòde ». Pi devan yo fè konnen : « Anpil fwa, lè gason an ap mastibe, li gen tandans bay plis presyon, plis vitès. Plis w ale rapid, se plis w ap ejakile rapid… Mesaj ou voye bay sèvo a se rezilta sa l ap remèt kò a. »

Gen kèk biyolojis ak newològ ki fè konnen se sèvo a ki mennen kò a. Depi sèvo w fin adapte, l ap bay kò a yon konpòtman otomatik. Se menm jan pou sa ki gen pou wè ak sèks, w ap voye rapid paske sèvo a toujou kenbe menm abitid li jwenn nan laponyèt la. Lòt bagay ki ka koz gason an ejakile rapid se diferans tisi òganik vajen an ak pla men an : vajen an pi soup, pi dous epi li fasilite ejakilasyon an pi rapid.

6- Sansiblite seksyèl ou ka vin diminye : Gen jèn gason ki tèlman pran plezi nan bat laponyèt, yo konn gen tandans fè eksperyans ki pi avanse. Yo souvan kòmanse mete plis presyon ak men yo, lè konsa li ka vin gen mwens sansasyon nan peni an e gen gwo risk pou peni an blese. Seksològ yo fè konnen se yon move teknik ; li t ap pi bon pou w chanje l. Espesyalis sèks yo dekonseye moun k ap pratike mastibasyon yo mete twòp presyon sou peni an. Yo eksplike kòman sa ka lakoz gason an vin tèlman penetre fi a twò brital, paske l pa p tann vajen fi a librifye. L ap fòse penetre l e sa ka dechire kèk pawa nan vajen an.

7- Domaje peni an : Pou kòmanse, gen de espesyalis nan sèks, Doktè Wilfrid Pavageau (seksològ) ak Doktè Sébastien Beley (iwològ – andrològ) ki pale sou mastibasyon ak kèk domaj li ka pote pou peni an tankou maladi ki rele ‘‘Lapeyronie’’ an. Maladi sa ka koz peni an vin gen yon koub, epi provoke kèk doulè nan kòmansman. Men, pa gen twò gwo risk pou l ta agrave oubyen pou l ta transfòme an kansè. Si gason ki soufri ‘‘Lapeyronie’’ yo pa riske twòp men gen lòt pwoblèm jan de maladi sa konn bay ki se difikilte pou penetre fi a ki konn santi doulè nan moman penetrasyon an, konsa tou li konn aji sou ereksyon an. Nan ka maladi ‘‘Lapeyronie’’ an ta koz difikilte ereksyon kay gason an, Dr Faix, yon espesyalis nan medsin seksyèl, fè konnen : « Yon iwològ ta dwe pran sa an chaj pou ede moun sa yo jere andikap seksyèl sa ak difikilte pou bande a ».

8- Diminye sou apeti seksyèl : Nèg k ap pratike mastibasyon tout tan fè l paske yo souvan pa manifeste anvi pou yo sòti al pran chans yo koze ak yon fanm. Moun sa kontante l sèlman de satisfè tèt li. Tout tan yo pase nan mastibasyon an vin koz yo gen yon konpòtman enkonsyan ki rann lespri yo toujou rete satisfè ak sa yo jwenn lan. Kidonk, yo pa manifeste enterè pou jwenn yon moun pou yo gen yon relasyon fizik ki te ka bay plis satisfaksyon. Sa ki sitou enpòtan pou moun sa yo konnen se pa tout bagay w oblije mete men ladann…

9- Toujou gen anvi oubyen sou fè bagay (sèks) : Yon lòt bò, abitid bat laponyèt chak jou a konn lakoz lespri kèk moun toujou konekte ak sèks. Sa konn koz nenpòt ti bagay monte libido moun sa. Menm sa yon moun pa ta imajine.
Yon jèn gason ki rele Peterson rakonte kijan li fasil pou l eksite sèlman paske yon fi konn mal chita anfas li. Jenòm sa menm rive avwe li te fè sa yon fwa nan twalèt yon gran otèl nan vil la jis paske l te remake pati entim yon fi kap benyen nan pisin lan.


10- Depresyon : La, se pwen ki gen plis danje ! Depresyon konn parèt koz ki pouse moun lan vin antre nan bat laponyèt konsa tou li vin konsekans lan aprè li fin fè sa. Ekspè yo fè konnen : Gen moun ki oblije geri bosko yo sou laponyèt la lè yo santi yo deprime paske se yon plezi lè yo pa bezwen èd pèsòn pou yo satisfè tèt yo. Yo renmen ti moman byennèt sansasyon yo jwenn nan ògas lan men sa pa anpeche yo santi yo deprime pi mal e santi yo koupab aprè. Nan ka sa, moun k ap pratike laponyèt la, pou jere depresyon an, konn sanse lave men siye atè paske santiman depresyon an konn vin pi prezan pase jamè.

An reyalite, pa gen yon kote li di mastibasyon oubyen bat laponyèt se yon bon oubyen yon move pratik. Si pou kretyen yo li se yon peche ki merite mennen moun k ap pratike l nan lanfè, pou ekspè nan domèn sèks li se yon pratik itil si pa gen eksè ni adiksyon. An jeneral, li preferab pou yon moun mete kontwòl sou vi seksyèl li, sa enpòtan anpil. Yon konsèy enpòtan pou fini : Pito yon moun bat kantite ke laponyèt posib tan pou li twouve l nan yon nivo obsesyon ki ka pouse l al fè vye zak tankou kadejak ki ka gache avni ak twomatize viktim lan.

PS : Pou koze anonima, gen kèk non ki pa site oubyen ki modifye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.