12 prensip ki kapab fè yon moun reyisi daprè sikològ : Steven Hayes

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
12 prensip ki kapab fè yon moun reyisi daprè sikològ steven hayes

Chak moun kap viv genyen pwòp fason yo defini siksè, sa depann sou sa yo rive akonpli nan vi yo oubyen eksperyans yo fè nan vi yo ak sa yo simonte chak jou. Gen moun ki konsidere yo reyisi pa rapò ak travay pèsonèl yo fè sou tèt yo, nan relasyon yo genyen ak fanmi yo, zanmi yo ak relasyon konjigal yo. Konsa tou, genyen moun se kantite kòb yo genyen sou kont yo ak pil byen yo posede ki defini reyisit yo. Yon sikològ ameriken, ki rele Steven Hayes, profesè sikoloki nan inivèsitè Nevada, ekri nan yon atik ki soti nan Psychology Today, 12 prensip yon moun dwe konnen pou l kapab reyisi nan vi l.

Gen anpil ide ak astis moun itilize chak jou, anpil liv ki ekri sou konsèp la, san n pa bliye kanite filozofi ki kache deyè grenn mo sa, yon mo ki vire lòlòj anpil moun. Men 12 konsèy Dr Steven Hayes pataje sou konsèp reyisit la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

1- Rete kole ak yon pwosesis pa mize sou rezilta

Anpil fwa nan vi a gen moun ki pa rive reyisi se paske yo rete fokis sou objektif la epi bliye sa ki dwe fèt pou yo jwenn rezilta. Nan sans sa, sikològ la fè konnen se ti pa ti pa nou fè chak jou, ki kapab mennen nou nan reyisit ak objetik nou yo.

2- Apran echwe nan poze aksyon

Gen moun ki pè pran risk nan vi a, ki toujou panse y ap fè erè. Se nan pratik, yon moun rive genyen konpetans nan yon domèn. Se kantite erè yon moun fè nan vi l ki ka pèmèt li aprann ki pi bon chwa li ka fè pou l reyisi. Kidonk yon moun ki vle reyisi pa dwe pè echwe.

3- Respekte angajman w

Se youn nan prensip Dr Hayes mete anpil aksan sou li. Li enpòtan pou yon moun fè atansyon ak pawòl k ap sot nan bouch li, nan sa l ap antreprann epi ak moun l ap angaje l. Depi w pran yon angajman ou dwe bay tout ou menn pou w respekte l.

4- Pran responsabilite w

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè yon angajman, kèk difikilte konn vin anpeche w avanse. Olye w kite lòt bagay trouble w, pran tan pou w reflechi epi rete konsantre sou sa w bezwen reyalize a, menm lè sa ta parèt konplike.

5- Rekonèt fòs ou ak kapasite w

Pran konsyans sou sa w ka fè se deja yon pa enpòtan pou w reyisi, plis ou konn sa w ka fè se plis wap gen perseverans pou w ale lwen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

6- Rekonèt nou pa vin fè gwo wòch sou tè

Yon moun ki bezwen akonpli kichòy nan vi l, ap planifye sou ki dire li ta renmen reyalize projè li a paske tan se yon bagay ki presye anpil, nou dwe apran jere l.

7-Di “wi” byen fasil

Plis ou reponn ui ak yon bagay, se plis ou bay tèt ou posibilite pou w fè eksperyans, sa kap pèmèt ou gen dimansyon pou w leve defi epi konprann bagay yo pi byen.

8- Aprann travay ak lòt moun

Aristote yon gran filozòf grèk te ekri :” moun se yon bèt sosyal” sikològ la ankouraje nou anpil, pou nou aprann mete tèt ansann, pou n kolabore youn ak lòt. Kidonk yon sèl dwèt  pa manje kalalou.

9- Bati bon jan rezon pou w reyisi

Pèson paka rive nan vi a pou kont yo, ki donk li enpòtan anpil pou nou jwenn moun nou fè konfyans, ki fè nou konfyans, yon fason pou n kapab pran risk yo ansann. Kote nou youn ap aprann sou eksperyans lòt.

10- Pa fè tenten pou tenten

Anpil fwa chemen pou yon moun reyisi a long anpil, anbisyon ak tantasyon kapab detounen w. Pran sa ki pa pou pap fè w byen ditou.

11- Fè tèt ou konfyans epi tande kè w

Kèk fwa dout yo ak dekourajman konn vle fè nou bliye kiyès nou ye. Pran konfyans nan tèt ou chak jou se grandi ak lide wap rive kote w vle rive a.

12- Aprann di “non”

Plis w ap avanse nan siksè w se plis wap jwenn moun ki bezwen w. Se moman pou w konn ki moun ki dwe rete bò kote w epi kisa ki priyorite w nan vi a, paske tan presye anpil ou pa gasiye l nan di ui ak nenpòt bagay.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive