NETALKOLE

2 bandi Vitelhomme pran nan Bwa Kale

Malgre ralantisman mouvman popilè “Bwa Kale” a nan kapital peyi, Pòtoprens, genyen plizyè ka ki kontinye ap resanse nan kèk zòn. Nan komin Petyonvil, pi presizeman nan Meyòt, 2 manm gang “Kraze Baryè” pase anba kòlè popilasyon an.

Wi, ayè madi 30 me 2023 a, plizyè sitwayen nan lokalite Meyòt, komin Petyonvil, mete fen ak vi 2 nonm ki ta fè pati gang “Kraze Baryè” a, ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent alyas Vitelòm.

Divès enfòmasyon fè kwè, gen youn nan kriminèl yo ki t ap sikile abò yon motosiklèt, e kèk tan avan sa li pa t menm vle obeyi ak fòs lòd yo ki t ap jere sikilasyon an ak siveyans nan lokalite sila. Konsa, popilasyon an ki te sou plas, mete lapat sou yo epi ekzekite yo devan zye plizyè ajan polis ki te la.

N ap raple, Meyòt, pami plizyè lòt zòn nan komin Petyonvil, ap monte syèl pa do akoz aktivite banditis gang “Kraze Baryè” a ap mennen la. Plizyè fwa, bandi sila yo ki chita kò yo nan Tòsèl, mennen gwo atak ak zam kont moun ki rete Meyòt, Dyèg, Pènye, Vivi Mitchel, Wout Frè, elatriye, epi fè plizyè viktim.

Espesyalite yo se touye, kidnape moun kont gwo lajan ak detounen machin. Depi kèk tan, gang Vitelòm lan se sèl kòk chante nan komin Dèlma, Petyonvil ak yon pati nan Taba, kote l abitye opere. Jiskaprezan, Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH) poko ka deloje gwoup gang sa.

Articles Similaires

1 de 1 075