14 mil migran gentan travèse Panama pou janvye a, pi fò se Ayisyen 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
4 mil migran gentan travèse panama pou janvye a, pi fò se ayisyen  (1)

Nan lide pou yo rantre Ozetazini, plis pase 14 mil migran deja fè tranzit nan peyi Panama pou mwa janvye a alòske l poko fini, daprè chif ministè Sekirite piblik Panama a. 

Minis Sekirite piblik Juan Manuel Pino deklare samdi pase a « pou mwa janvye a, gentan genyen jiskaprezan anviwon 14 mil 235 migran ki pa regilye k ap tante rann yo Ozetazini, yo fè tranzit Panama, pi presizeman nan pwovens Darién ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Pandan 3 dènye jou sa yo, plis pase yon milye migran antre, pi fò se Ayisyen”, se deklarasyon minis Pino. 

Li fè konnen chif Sèvis nasyonal migrasyon ak Sèvis nasyonal fwontyè yo montre « se plis Ayisyen ki fè tranzit Panama pou ale Ozetazini, nou resanse 6 mil 459 Ayisyen. Aprè sa nou jwenn 3 mil 31 Ekwatoryen ak 562 Brezilyen ». 

N ap raple, Panama se youn nan peyi ki anrejistre yon gran nonb migran epi ki pwopoze yo abri tanporè pou yo rete. Plizyè fwa deja yo adrese yo ak kominote entènasyonal la pou ede yo fè fas ak pwoblèm migrasyon sila, epi afwonte l tankou yon pwoblèm rejyonal, men sa pa janm fèt. 

Pasaj migran yo nan raje Darién an ogmante, li sòti 85,6% an 2022 pa rapò ak ane 2021 an. Li te atenn 248 mil 284 migran ane pase, daprè done gouvènman panama. N ap raple raje Darién an se yon fwontyè natirèl ki danjere anpil, moun souvan mouri la pandan y ap batay pou rive sou fwontyè Meksik-Etazini an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.