45 % gason ki selibatè chanje dra sou kabann yo chak 3 mwa, daprè yon etid britanik 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
45% gason ki selibatè chanje dra sou kabann yo chak 3 mwa, daprè yon etid britanik

Si anpil moun chanje dra sou kabann lakay yo chak jou oubyen 2, 3 jou, menm chak semèn, kite m anonse w daprè yon etid ki fèt nan peyi Britanik, 45% gason ki selibatè chanje dra sou kabann lakay yo chak 3 ak 4 mwa. Alòske, 62% fanm ki selibatè fè sa chak 2 semèn,  » sa dwòl  ? «  

Etid la te ale pi lwen pou montre rezon ki ta lakòz gason yo adopte yon abitid konsa, toujou daprè etid la se gason selibatè yo ki bay rezon yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

67%  ladan yo di se bliye yo bliye chanje dra sou kabann nan, yo pa prete atansyon ak sa. 

32% fè konnen yo jis pa anvi chanje dra souvan. 

Epi 18% fè konnen dra yo pa sal souvan paske se sèl aswè yo touche l. 

Yon pratik daprè plizyè medsen ejenis ki genyen anpil enpak negatif sou sante pratikan yo, nan yon sekans ki pibliye sou paj BFMTV, Bakteryològ Vincent Jarlier, fè konnen, sa pa deranje si yon moun dòmi pou kòl sou yon kabann, dayè li pap pran okenn maladi kontamine men, pi gwo risk ki genyen si moun sa pa chanje dra li souvan se si li resevwa yon moun lakay li ki pataje menm kabann ak li yon lè.  

 » Kabann nan vin plen ak konsantre, bakteri ki sou kò pwopriyetè a, gen gwo risk pou w pran maladi kitane yo, mikoz elatriye », te fè konnen Bakteryològ la. 

Sa ou dwe konnen, si w vle rete pwòp, aprann chanje dra sou kabann lakay ou chak semèn oubyen yon fwa chak 2 semèn. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.