53% nan lekòl yo louvri pòt yo, daprè otorite yo nan MENFP 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
53% nan lekòl yo louvri pòt yo, daprè otorite yo nan menfp

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen depi 5 desanm 2022 a lekòl yo ap fonksyone ak 53%.  Depatman Sid ap fonksyone a 90%, enfòme ministè a. 

Daprè done Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye, 53% lekòl ap fonksyone depi 5 desanm 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

7 % lekòl louvri pòt yo 7 novanm 2022, 9 % louvri pòt yo 14 novanm, 17 % louvri pòt yo 21 novanm, 35 % louvri pòt yo 28 novanm, 53 % ap fonksyone depi lendi 5 desanm sa a,  daprè enfòmasyon ministè a.  

Done Ministè a prezante Depatman Sid la ak yon pi gwo pousantaj, sa vle di 90 %, Sant 85 %, Nip 84 %, Grandans 76 %, Wès 56 %, Nòdwès 53 %, Sidès 45 %, Latibonit 36 %, Nòdès 14 % ak Nò 12 %. 

Li enpòtan pou nou fè  konnen lekòl ki  nan sèten katye nan Pòtoprens tankou Matisan, Kwadèboukè elatriye, poko janm ka louvri pòt yo, akoz nèg ak zam, men malgre sa a, otorite konpetan yo pa fè okenn dilijans pou fasilite rekòmanse aktivite lekòl yo nan zòn sa yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.