Mondyal 2022 : Cristiano Ronaldo motive koyekipye l yo avan match  Swis la  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 cristiano ronaldo motive koyekipye l yo avan match  swis la  

Star pòtigè a nan peyi Kata pou yon senkyèm patisipasyon nan zafè mondyal. Pou 22e edisyon sa, Cristiano Ronaldo menm jan ak anpil lòt jwè tankou Messi, Neymar gen yon objektif, ki se champyon. Avan match yo fas peyi Swis la, li bay kèk pawòl pou l motive gwoup la.  

Jwè ki ranpòte Balon dò a senk fwa, gen yon yon kokenn chenn rèv ki se pran mondyal sa, e se sèl tit ki manke karyè foutbolè a, jodi madi a, avan Pòtigal al toke kònn li fas Swis, ansyen jwè Manchester United la pa rete nan silans li, an bon kapitèn li motive koyekipye  l yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

” jodi a se pou Pòtigal ! Pou tout Pòtigè ! Pou nou menn jwè ak sipotè ! Se yon jou pou rèv, rèv nou chak grenn pote nan nou an ! An n bay tout nou menn” mesaj kapitèn seleksyon pòtigal la.  

Kritike pou nivo l denyè tan sa yo, anpil sipòtè ak fanatik foutbòl estime Cristiano Ronaldo pa ede ekip la, e li tap preferab pou Fernando Santos mete l sou ban. Yon sondaj ki pa bon ditou pou moral jwè a, aprè tout sa li sot viv ak Manchester United yo. Men sa pa anpeche  jwè a konpòte l kòm yon lidè pou ekip la nan mondyal la.  

Pòtigal te fini premye nan group yo a, malgre defèt li fas Koredisid (1-2) nan denyè match  yo pou faz gwoup yo. Swis yo ki soti nan poul Sèbi ak Brezil epi Kameroun pap fasil ditou pou jwè Fernando Santos yo. Rankont Pòtigal, Swis sa, se youn nan pi bèl afich uityèm final yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive