Nesmy Manigat doute fò, si y ap ka sove ane lekòl la ane sa

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
nesmy manigat doute fò, si y ap ka sove ane lekòl la ane sa

Nan yon tweet li fè maten dimanch 12 mas 2023 a, lokatè ministè edikasyon an, Nesmy Manigat ekri  » Ce n’est pas une année à sauver mais une génération qui a perdu au moins une année scolaire en 4 ans », yon deriv daprè minis edikasyon nasyonal la, ki plane sou avni jenerasyon sila a.

Omwen 190 jou lekòl pase nan gagòt akòz sitiyasyon aktyèl peyi a rekonèt yo. Nan yon bilan li drese, yon pousantaj 70% elèv te pèdi 60 jou lekòl pandan mouvman peyi lòk 2019 la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan lane 2020, pasaj kowona viris la (COVID19), te lakòz 97% elèv te blije rate 70 jounen lekòl.

Soti oktòb pou rive desanm 2022, 90% elèv ta pral pèdi 60 jou lekòl akòz kriz sosyo politik peyi a.

Alòske pandan ane akademik 2023 a, plizyè timoun deja rate plizyè jou lekòl akòz reyalite afwontman bandi ak bandi yo nan sèten katye, sa ki pouse gwo laperèz nan mitan enstitisyon k ap jenere zafè edikasyon timoun yo nan peyi a.

Si kèk lekòl antame kèk pwosesis pou elèv yo ta swiv kou anliy, pou sèten lòt lekòl sitou nan katye popilè yo, inisyativ sa se yon gwo defi li ye pou yo. Bò kote leta ak MENFP a, ensekirite a ak kidnapin nan se kèk nan gwo defi ki toujou anpeche lekòl fonksyone kòmadwa nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.