Categories: AN KREYÒL

Se pa selman pou lajan moun renmen ak moun ki pi gran pase yo

Share

Madan papa, mari manman, se konsa nou rele fanm oubyen gason ki gen yon relasyon santimantal avèk yon moun ki pi gran pase yo. Moun sa yo souvan gen laj pou li ta papa oubyen manman moun sa. Relasyon sa yo byen souvan bati sou aspè ekonomik lavi an, men genyen tou se pa pou sa selman.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan chita pale NetAlKole Media fè ak kèk moun, yo fè konnen se pa selman lajan ki motive yo pou yo rantre nan yon relasyon ak yon moun ki pi aje pase yo. Aprè lajan, premye bagay ki motive yo antre nan jan de relasyon sa yo se estabilite yo di relasyon sa yo pote. 

“Anpil fwa yon moun ki pi gran pase w ba w yon estabilite nan lavi w kote moun sa yo se yon seri de moun pou la plipa ki fin fè eksperyans, yo fin eskonte tout kote epi yo vle ranje vi yo, fè vi yo. Yo pap ba w pwoblem yon jèn nan laj ou ap ba ou”, se sa Lynce, yon jèn fanm 27 lane ki avek yon neg 38 lane fè konnen. Li di tou se eksperyans li avek jèn nan laj li oubyen ki gen 2 ou 3 lane anplis li sèlman ki fè jounnen jodi a li prefere gen relasyon avèk nèg sa li ye la.

Yon lòt jèn fanm ki te préféré nou pa site non l fè konnen menm si se vre li renmen ak nèg sa pou lajan men li jwenn anpil lòt bagay lakay li ki fè l atache avè l epi renmen relasyon an. “Mwen gen 25 lane li genyen 40, li pa marye li te fè 2 pitit ak yon dam. Wi mwen te avel okòmansman pou lajan l men tèlman li pote yon pakèt bagay nan lavi m mwen vinn renmen l. Li pwoteje m, renmen m, respekte m tankou m te pitit li, li vrèman prete atansyon ak tout ti detay nan lavi m e li aprann mwen anpil bagay, li vin tankou yon gid pou mwen. Gen kesyon kòb la se vre, men gen sekirite, estabilite, konfò moun sa pote nan lavi w, ou pa plede fè jalouzi.”

“Yo souvan konpreyansif épi pasyan avè w sitou nan koze fè bagay. Yo konprann ke se tout yon aprantisaj sa ye e yo pa kyè pou aprann ou kontrèman ak anpil jèn gason ki panse ou dwe konnen tout kamasutra”, daprè Guerlande.

Gen gason tou ki fè konnen yo pito yon relasyon ak yon fanm ki pi gran pase yo swa paske yo natirèlman renmen fanm sa yo, swa paske relasyon sa yo diferan sou tout fòm ak relasyon yo konn genyen ak jèn fanm ki nan menm tranch laj avèk yo. 

“Fanm sa yo ede w grandi finansyèman, sosyalman e menm moralman. Yo se de bon sipò pou Lavi w épi yo ba w bon konsèy tou”, se deklarasyon yon jèn gason 32 lane.

“Franchman mwen pito yon fanm ki pi gran pase m depi tou piti, ti jèn, se yo m renmen epi tout pandan map grandi mwen vin pito yo ke yon fanm nan laj mwen oubyen yon fanm m ap bal 3 lane oubyen 4, 5. Epi lanmou pa gen laj tou.”

Malgre tout bon kote sa yo ki genyen nan relasyon sa yo, menm moun sa yo tou fè konnen konn gen kèk enkonvenyan ladan yo tou, kote moun sa yo konn otoritè anpil oubyen gen yon twò gwo opinyon de tèt yo. Yo konn panse yo se sèl kòk chante, se yo ki konn tout bagay oubyen pi byen konnen kisa ki ap bon pou ou. Yo konn kite wòl patnè a pou yo pran wòl manman w oubyen papa w.

Sam Sarah Devilus

Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.

Leave a Comment
Published by