Categories: EVENT

CaRiMi Paris oktòb 2022, tout saw dwe konnen

Share

Tout fanatik mizik ta dwe sonje bèl pasaj Carimi nan endistri mizik la an Ayiti. Aprè sis lane absans, Carlo, Richard ak Mickaël sipoze reponn prezan nan vil Paris, 15 oktòb k ap vini an, nan Accor Arena, pou fè reviv yon fwa ankò gwoup mizikal Carimi an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè plizyè dat ki te rive repòte depi oktòb 2021 ki se premye dat ki te chwazi pou evènman sa, finalman se 15 oktòb ki kenbe jiska moman redaksyon atik sa pou kapab reyalize konsè sa k ap make retou gwoup mizik sa ki te fonde nan lane 2001, e ki ta pral kraze nan mwa jiyè 2016. 

Òganizatè yo te pran inisyativ sa nan lane 2021, yon fason pou te kapab selebre 20 lane egzistans gwoup mizikal Carimi an. Akoz pwoblèm Covid-19, Accor Arena pa t kapab akeyi evènman sa ki ta pral repòte pou premye fwa nan dat 21 me 2022. 

Nan fen ane a, 15 oktòb, toujou nan Accor Arena nan vil Paris, fanatik mizik yo, espesyalman fanatik Carimi yo, ap gen pou wè ansanm twa fondatè gwoup mizikal sa ki te rive fè bonè gwoup sa ak kilti konpa toupatou nan mond lan. 

Menmsi pa gen okenn anons ofisyèl ki fèt sou retwouvay sa ki rive aprè 6 lane depi gwoup la te kraze, òganizatè evènman sila yo deja anonse anpil sipriz k ap genyen nan kad evènman sa. Toutfwa, sa anpil fanatik ap tann, se swete wè Carimi refòme pou tout bon e pandan lontan ankò avèk twa chantè vedèt li yo. 

Nan mwa jiyè 2016, gwoup la ta pral kraze aprè youn nan chantè-fondatè yo, Mickaël Guirand te anonse desizyon l pou l te kite gwoup la pou rezon pèsonèl. Sa ki ta pral bay opòtinite ak Richard Cavé pou te kreye yon ti tan apre gwoup mizik pa l, Kaï. 

Aprè siksè Kaï ak Vayb pandan sis lane absans Carimi yo, Carlo, Richard ak Mickaël deside reyini yon lòt fwa ankò sou non Carimi san anonse ak gran piblik la si se pa sèlman pou grenn konsè 15 oktòb la.  

Sòti 2001 pou rive 2016, Carimi te atenn yon nivo ki te mete l kòm youn nan gwoup konpa ki popilè nan mond lan, sitou nan kominote ki pale fransè yo. Sa pa gen lontan, nan yon videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo te montre foutbolè entènasyonal fransè a ki gen orijin li Ayiti, Presnel Kimpembe, t ap koute epi chante yon mizik Carimi. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: CaRiMi à Paris 2022