Categories: MUSIQUE

“Majori”, yon rankont BélO ak Manito Nation pou yon mizik koulè lokal

Share

Aprè yon moman silans nan endistri mizik ayisyen an, BélO ansanm ak DJ epi pwodiktè Manito Nation sòti yon nouvo mizik ki pote non “Majori” kote yon pati nan reyalite chak jou peyi Ayiti dekri nan kad pwojè sa. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon mizik ki chante esansyèlman nan langaj kreyòl ayisyen, Jean Belony Murat piblik ayisyen an plis konnen sou non BélO, nan yon tèt ansanm ak Manito Nation, sòti nouvo mizik sa ki pale an gwo sou echèk gason kapab pran nan file fanm akoz pwoblèm metòd. 

« Nouvo mizik sila a, se yon kout je bay tout mesye yo ki ap chache renmen ak on fanm ki gen fanm nan fanm li, men teknik koze yo echwe; epi yo sibi fawouch kamarad yo akoz de sa», ekri nan yon kominike ki pibliye sou paj atis la depi vandredi 12 dawout 2022. 

Daprè kominike sa, se yon mizik ki fèt ak yon konsepsyon trè orijinal, ki pwopoze yon tounen nan ane 80 yo an Ayiti, avèk yon kout je sou rankont gason ak fi pandan peryòd sa. 

«Yon videyo mizik dans ap swiv ak yon vizyèl ki evoke souvni Ayiti nan ane 80 yo, videyo a se yon konsèp ti gason-rankontre-fi-ti-ti gason-pa-ka-gen-fi», rapouswiv kominike sa. 

“Majori”, mizik sa ki sòti de premye koloborasyon atis BélO ak DJ Manito Nation nan endistri mizik ayisyen an deja disponib depi 8 dawout sou tout platfòm mizik yo. 

Nouvo mizik sa vini ajoute ak yon long lis pwodiksyon atis la deja sòti pandan anviwon 20 lane karyè. BélO se deja 6 albòm epi plizyè rekonpans entènasyonal. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: BélO Majori Manito Nation Musique