Categories: AN KREYÒL

Rantre lekòl 3 oktòb 2022 : yon gwo defi pou paran yo

Share

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te prevwa ouvri lekòl la 5 septanm 2022, akòz kondisyon yo ki pat reyini mete sou kriz peyi a ap fas, tankou rate gaz, lavi chè, ensekirite, yo te blije fikse li pou 3 oktòb kap vini la a, sepandan, youn nan pwoblèm sa yo pa diminye, bagay yo vin pi konplike. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Menmsi pou paran yo koze rantre lekòl 3 oktòb sa a rete yon latranblad pou yo, sa pa anpeche responsab yo nan MENFP a kenbe 3 oktòb la kòm dat ofisyèl rantre klas yo pou ane akademik 2022-2023 a. 

Pandan 24 èdtan kap swiv dimanche sa a, machann founiti eskolè yo ap lite pou vann pwodwi yo tankou; Twal, liv, kaye, kreyon, plim, soulye, chosèt, ne, barèt, pou n site sa yo sèlman. Pou ane sa a bagay la diferan, prezans pran yo pa tèlman remake nan mache piblik yo, selon temwanyaj kèk vandè  

Pou yo, li enposib pou nouvo ane akademik lan lanse demen lendi an, sitou pou reyalite aktyèl peyi a. 

“Nan moman sa a, espas yo nan mache piblik yo ki dedye a machann founiti yo konn souvan ranpli ak paran akonpaye ak pitit yo ki prese achte materyèl lekòl sa yo nan lide pou relouvri klas yo”, te raple yon machann liv, ki endike tou menm yon kaye kopi li pa vann.  

Paran yo bò kote pa yo, rann kont reyalite konjonkti antyèl la lakòz rantre klas yo se yon gwo defi pou yo, sitou nan zafè ekonomik ak lamanjay. Pierre William di li kwè sal klas yo nan tout lekòl yo pral vid tankou boutèy. “Mwen pare pou m parye tout sa mwen genyen kòm mwayen ekonomik kont nenpòt moun ki gen yon lide kontrè,” te kontinye sitwayen sa a. 

Konsènan garanti Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanNesmy Manigat bay nan kòmansman nouvo ane lekòl 3 oktòb sa a, kèk machann objè eskolè di, ” deklarasyon minis lan pa souke pwent nen nou”, pi lwen yo fè konnen minis lan fè pati yon gouvènman pale met la, yon gouvènman manti se mak komèsyal yo. 

Depi vandredi pase a, kòdonatè UNNOH a, Josué Merilien, te deja fè konnen reouvèti klas yo ane sa a pap posib jan kondisyon yo ap bouje la a, manifestasyon k ap fèt pasi pala nan peyi a, rate gaz la ak fenomèn ensekirite rete yon lòt gwo defi ankò pou Leta ak fòs sekirite peyi a. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by