Pèsòn pa doute de talan jèn atis sa k ap evolye nan endistri mizik ayisyen an depi kèk ane. Samdi premye oktòb 2022, Wadner Peyizan pwopoze ak piblik la nouvo mizik li ki gen pou tit “Lanmou kreyòl”. Yon mòso orijinal ki fè pwomosyon pou valè kiltirèl nou yo.
Jan sa te anonse, «Lanmou kreyòl » sòti ak tout videyo pandan jounen samdi premye oktòb la, kote tout moun kapab gen aksè ak pwojè sa sou platfòm telechajman yo ak pou tande mizik yo. Yon fwa ankò, Wadner Peyizan montre kapasite l pou l pwopoze de mizik ki detache de gwo kouran endistri mizik la an Ayiti.
Nan twa minit 43 segond, Wadner Méus moun plis konnen sou non Wadner Peyizan envite tout sosyete an valorize sa nou genyen kòm valè kiltirèl yo, pandan n ap sispann ak kilti ki sòti lòtbò dlo.
«Plizyè fwa mw eseye frape pòt ou w pa louvri. Bon sans mw pa t janm montre m ou pa t vle lanmou enpòte. Abiye byen chè santi bon, se pa t janm sa yo w te vle. Met rad fòm karabela, lè sa w twouve m se yon bon jènjan», yon pati nan premye estròf mizik sa ki, nan moman redaksyon atik sa, deja gen 21 mil vizyonaj.
Nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak yon kriz idantite grav akoz kilti oksidantal la prensipalman ap enpoze l nan sosyete an, menm jan ak anpil lòt moun, nan divès sektè, Wadner Peyizan k ap chante nan ritm rasin, itilize vwa l pou l mande priyorize valè lokal yo olye de sa k ap sòti nan sosyete etranje yo.
«M pa p mennen w Dubaï, m ap mennen w Sitadèl pito; m pa p mennen w nan pisin, m ap mennen w nan rivyè pito; m pap ofri w pizza, ann manje yon ti veritab pito; nou p ap monte machin, ann sele yon vye cheval pito; m pa p di w I love you, kite m di w mw renmen w pito; m pa nan rabòday, ban m bat tanbou pou w danse pito», sa li pwopoze.