Categories: ACTUALITÉS AN KREYÒL

Devan Mezon Blanch, plizyè Ayisyen pwoteste kont politik Lèzetazini ap fè an Ayiti

Share

Plis pase yon senkantèn òganizasyon ayisyen ki nan peyi Lèzetazini ini vwa yo devan Mezon Blanch, nan kapital la Washington DC, pou mande gouvènman ameriken an sispann foure bouch li nan sa k ap pase nan peyi d Ayiti depi kèk tan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ayè dimanch 9 Oktòb la, plizyè dizèn Ayisyen mande Tonton Sam pou kite yo deside de avni peyi yo, epi pwoteste kont politik gouvènman ameriken an ap fè pa bò isit. 

Pwotestatè yo, yon lòt kote, rele administrasyon Joe Biden nan sispann sipòte rejim kowonpi k ap dirije peyi d Ayiti aktyèlman, nan tèt lis la Pati Haïtien Tèt Kale (PHTK). Yo fè konnen veritab solisyon pwoblèm Ayiti ap travèse aktyèlman la se nan men pitit peyi a li ye. 

Yon lòt kote Ayisyen sila yo ki nan dyaspora Ozetazini di yo kont yon entèvansyon fòs militè etranje sou sòl papa Dessalines nan, yo mande Lèzetazini lave men l nan zafè sila. 

N ap raple Lèzetazini te mete tèt li ak Meksik pou te pwopoze Konsèy sekirite Nasyonzini  an yon rezolisyon, y ap etidye aktyèlman. Yo kapab prezante l 21 Oktòb k ap vini la, pou Konsèy la vote. 

Kanada pa bò kote pa l, atravè madam Joly, te fè konnen plizyè alye gentan ap chanje enfòmasyon ak li pou wè kouman yo ta kapab pote yon solisyon ak kriz la pa bò isit, jan yo te fè pou kèk dosye tankou gè an Ikrèn nan. Inyon ewopeyèn ak Lèzetazini pote kole ak Kanada nan zafè sila. 

Dispozitif sila aktive aprè Premye minis peyi a Ariel Henry te bay dwa, nan yon Konsèy minis, pou yon fòs etranje pile sòl la pou vin mete lapè. Men pèp ayisyen an kanpe an kwa kont desizyon sila paske se menm gouvènman defakto sila, atravè minis Afè etranjè Jean Victor Généus, ki te deklare « tout est sous contrôle » devan Konsèy sekirite Nasyonzini mwa pase. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by