Categories: AN KREYÒL DIPLOMATIE

Inyon ewopeyèn pap voye okenn twoup an Ayiti, Lèzetazini sou menm wout la tou

Share

Inyon ewopeyèn (UE, nan sig fransè) di l pa p voye okenn twoup nan peyi d Ayiti. Nan yon entèvyou eksklizif li bay jounal dominiken Diario Libre, chèf divizyon Meksik, Amerik santral ak Karayib la ki nan Sèvis ewopeyen pou aksyon eksteryè yo (SEAE), fè konnen UE pa prevwa voye yon fòs entèvansyon nan peyi a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Jonathan Hatwell fè deklarasyon sila nan moman sitiyasyon an pa sispann dejenere pa bò isit nan peyi d Ayiti. Toutfwa diplomat la bay asirans UE estime kominote entènasyonal la ta dwe ede yo retabli kondisyon sekiritè yo an Ayiti. 

“Sa k ap pase lòt bò a se yon sitiyasyon trajik sitou nan nivo imanitè paske premye konsekans yo, se popilasyon ayisyèn nan ki sibi yo”, se sa li deklare.

Hatwell deklare genyen 2 solisyon posib pou ede Ayiti sòti nan sa l ye jounen jodiya : si l pa yon entèvansyon entènasyonal la, li dwe ranfòsman polis nasyonal la, ki pa gen resous imèn oubyen teknik pou batay kont gang yo.

N ap Lèzetazini te prezante, nan tèt kole ak Meksik, yon pwopozisyon nan Konsèy sekirite Nasyonzini an lendi pase, pou te voye yon fòs militè nan peyi d Ayiti, ki t ap sou direksyon yon nasyon patnè, san l pa t idantifye ki peyi, men Lachin ak Larisi te kanpe an kwa pou sa pa fèt pou kriz la pa pi grav. San konte pou yo, « gouvènman Ariel Henry an pa lejitim sou pouvwa epi li paka jere kriz aktyèl la ». 

Pou kounya rezolisyon sila san lè tonbe nan dlo. Daprè jounal ameriken Miami Herald, Lèzetazini pa manifeste okenn enterè ankò pou deplwaye yon fòs nan peyi d Ayiti aprè plizyè peyi nan Nasyonzini te fè menm jan. Tonton Sam sou wout pou abandone rezolisyon sila alòske l te deja enpoze sanksyon sou do plizyè chef gang ak tout moun k ap finanse yo pa bò isit.  

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by