NETALKOLE

L’APCH kesyone poukisa tèminal Vare debloke epi ponp yo paka plase kòmand 

“Association des propriétaires et chauffeurs d’Haïti”, APCH revele tèminal Varreux ki nan komin Site Solèy debloke depi kèk jou, men jiskaprezan otorite yo pako janm pwononse sou sa. 

Responsab estrikti sila, Changeux Méhu konfime bandi ak zam k ap okipe zòn sila – li pa lòt, se G9 an Fanmi e Alye – libere pi gwo sant kote yo estoke pwodui petwolye yo sou teritwa a, depi plizyè jou deja. 

Sepandan Méhu kesyone “poukisa tèminal Varreux debloke epi konpayi k ap vann gaz yo poko janm plase kòmand pyès kabiran pou vin fè apwovizonman sou mache a”. 

N ap raple depi plis pase yon mwa tèminal Vare anba kontwòl bandi G9 an Fanmi e Alye, ki gen nan tèt li ansyen polisye ki vin chèf gang Jimmy Cherizier alyas Babekyou. 

Kriminèl notwa sèmante toutotan Ariel Henry pa remèt demisyon li pa p kite gaz la pase pou ale nan ponp yo. Sa lakòz peyi d Ayiti tonbe nan yon kriz san parèy: lopital, lekòl, ak plizyè lòt enstitisyon ak antrepriz paka fonksyone kòrèkteman. Malgre sanksyon Nasyonzini kont Babekyou, li pa ni cho ni frèt. 

Te genyen plis pase 37.8 milyon lit gazolin ki disponib nan sant depo sa a ki sitiye nan komin Site Solèy, men malerezman se bandi k ap jere la. Yo vòlè ak vann gaz jan yo vle.  

Sa fè 2 fwa WINECO enfòme sit li yo sibi atak moun ak zam nan pòtay evakyasyon nò li ki toupre Site Solèy. Otè zak yo te pran 4 kamyon ki te ranpli ak gaz, yo estime a plis pase 28,000 galon. Gaz sila pou kounye a ap vann sou mache nwa, elatriye. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire