Categories: AN KREYÒL JUSTICE

Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la denonse inisyativ OPC repran pou mete moun nan CSPJ an

Share

Pou piti 16 òganizasyon nan sosyete sivil la denonse Ofis pwoteksyon sitwayen ki reprann pwosesis pou mete manm nan Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ). Pou òganizasyon sa yo, moman an pa favorab ak yon demach konsa. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon kominike yo siyen ansanm, estrikti sa yo voye jete epi denonse demach Ofis pwoteksyon sitwayen an ki lanse nan yon kontèks sosyopolitik ki totalman pa favorab, kote ensekirite blayi sou tout teritwa a, kriz gaz, enstitisyon yo ki pa p fonksyone, elatriye… 

Nan kominike sa, òganizasyon sa yo estime OPC inyore sa ki te pase an 2021 yo konsènan entegrasyon yon pèsonalite sosyete sivil la nan Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a aprè fen mandan 3èm jidisyati a 3 jiyè 2021. 

Estrikti sa yo raple, nan dat 12 avril 2021, Pwotektè sitwayen an Mèt Renan Hédouville te chwazi Remy Edmé kòm pèsonalite sosyete sivil la pou pran syèj nan CSPJ. Yon nominasyon ki ta pral fèt aprè yon pwosesis ki te mennen dèyè do lalwa. 

Ansanm estrikti dwa moun ki siyen kominike sa regrèt, malgre OPC pa reponn ak egzijans CSPJ yo ki te egzije yon odit sou pwosesis dezinyasyon an, Pwotektè sitwayen an reprann demach yo nan menm kondisyon yo, nan yon kontèks kawo politik, sosyal ak enstitisyonèl. 

Daprè yo menm, konjonkti ki gen la kounya pa pèmèt nou angaje yon pwosesis pou chwazi moun pou syeje nan Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a. 

Òganizasyon sa yo rete kwè se yon nesesite pou mete Konsèy la an mach pou remete lòd nan enstitisyon yo, men sa pa dwe fèt nenpòt kòman, nan dezòd oubyen deyò yon kad lejitim. Estrikti sa yo estime remete CSPJ sou pye dwe pase san dout pa yon konsansis ant tout gwoup anndan sosyete a. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: OPC