Jij Jean-Joseph Lebrun nome nouvo Prezidan Lakou Kasasyon an dapre yon arete gouvènman Ariel Henry a te pibliye nan Monitè ayè dimanch 13 novanm 2022 a.
Premye minis Ariel Henry vle rann Tribinal Kasasyon an fonksyonèl. Kont tout atant, chèf gouvènman an nonmen jij Jean-Joseph Lebrun kòm prezidan Lakou Kasasyon.
Majistra a ranplase Jij Réné Sylvestre nan pòs sa a, ki te mouri nan konplikasyon ki gen rapò ak koronaviris la, nan dat ki te 23 jen nan lane ki sot pase a.
Pandansetan gen anpil moun ki ap poze kesyon sou legalite desizyon gouvènman Ariel Henry an pran paske Manman Lwa peyi a (konstitisyon Ayisyen) an klè sou kesyon an.
Konstitisyon 1987 amande a di aklè ” nan Atik 175: “Se Prezidan Repiblik la ki nonmen jij yo nan Tribinal Kasasyon nan yon lis twa (3) moun pou chak syèj Sena soumèt” de kondisyon ki pa ranpli nan ka nominasyon sa a.