Categories: AN KREYÒL POLITIQUE

Twa ansyen gwo responsab nan Leta a tonbe anba sanksyon peyi Kanada

Share

Yon nouvèl ki sonnen fò jounen dimanch lan. Ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly, Jean Henry Céant ak Laurent Salvador Lamothe tonbe anba sanksyon peyi Kanada pou patisipasyon yo nan finanse gang an Ayiti. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Mwens pase 24 è tan aprè sanksyon gouvènman kanadyen an te pran kont Rony Célestin, Hervé Fourcand ak Gary Bodeau, non twa ansyen gwo chèf nan Leta sa yo ajoute nan lis sa ki gen non pèsonalite k ap alimante ensekirite an Ayiti. 

Ansyen chèf Leta Joseph Michel Martelly, ansyen Premye minis Jean Henry Céant ak Laurent Salvador Lamothe akize kòmkwa yo ta patisipe nan finanse gang lajan nan peyi a pou kreye enstabilite epi teworize popilasyon an. 

Premye minis kanadyen an Justin Trudeau k ap patisipe nan somè frankofoni an nan peyi Tinizi, te deja anonse nouvèl la depi byen bonè dimanch 20 novanm lan. 

Kòm mezi ki rantre nan kad sanksyon sa, twa ansyen gwo responsab sa yo pa p ka rantre sou teritwa kanadyen an, byen yo ki nan peyi Kanada riske sezi, lajan yo ki nan bank nan peyi Kanada ap bloke, san konte entèdiksyon pou sitwayen kanadyen angaje nan kikonk sèvis finansye ak moun ki sanksyone yo. 

Jean Henry Céant, Laurent Lamothe, tou de te Premye minis sou administrasyon Prezidan Martelly a ki te nan tèt peyi a sòti 2011 pou rive 2016.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by