Categories: SPORTS

FIFA menase kanpe difizyon Mondyal la nan peyi Dayiti

Share

Nan yon nòt li sòti jounen 7 Desanm nan, FIFA ki se pi gwo enstans foutbòl nan mond lan menase pou l ta sispann difizyon Mondyal la an Ayiti. Rès konpetisyon an ka tonbe nan dlo pou peyi a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Pandan yo te anonse nou, FIFA ki gen nan tèt li Italyen an, Gianni Infantino, te bay dwa difizyon yo gratis ti cheri pou Ayiti, ta sanble gen kèk difizyon ilegal ki fèt pandan peryòd tounwa a. Aksyon sa yo ki pa ale nan sans FIFA, ka fè l pran gwo mezi kont peyi a pou sa. 

Nan nòt ki pote siyati Jean-Christophe Petit ki se direktè patenarya Medya a yo, FIFA fè konnen li aprann gen yon difizyon yo pa ototize k AP sikile nan chèn tele Ayisyen yo. Enstans lan di se sèl li gen dwa sou òganizasyon konpetisyon an ak lisans pou dwa difizyon yo pou tout medya alawonnbadè. 

Enstans siprèm balon won an di se Verticast Media Group ki se sèl grenn difizè li otorize pou l bay medya yo eksplwate imaj Koupdimonn Kata 2022 a. FIFA p ap tolere vyolasyon dwa medya yo epi li ka menm pran mezi jidisyè pou l defann enterè l.   

Si tout fwa sa FIFA repwoche peyi a ta pèsiste, nou pa konn ki po kann ak tout foumi li rezève pou peyi Dayiti. Sa ki ka lakoz gwo lapèn pou popilasyon an ki jwenn rechij nan gad match yo youn aprè lòt nan moman boulvèsman peyi a ap konnen depi kèk tan. 

 

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by