Categories: AN KREYÒL INTERNATIONAL

Frans : Emanuel Macron anonse aksè ak kapòt gratis pou jenn 18 jiska 25 lane

Share

Prezidan Emmanuel Macron te deklare sou kont Twitter li aksè ak kapòt yo pral gratis nan famasi yo pou tout sitwayen ki gen laj 18 a 25 lane apati 1ye janvye 2023 k ap vini la a. Desizyon sa a, daprè chèf leta fransè a, se yon mwayen pou konbat degradasyon maladi seksyèlman transmisib yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

“Pou tout jèn ki gen laj 18 a 25 lane yo, an 2023, kapòt pral gratis nan tout famasi yo,” se tradiskyon kreyòl Ayisyen tweet chèf Leta peyi Lafrans lan, Emmanuel Macron. 

Daprè sa li di, se depi mwa septanm pase a atravè gouvènman li an, li te deja elaji aksè pou jenn yo te jwenn kapòt gratis ti cheri nan kontrasepsyon ijans yo, pou tout fanm, kèlkeswa laj yo, aksè ak kapòt pwoteksyon  an dwe disponib san peye yon yota andedan famasi ak sant preskripsyon yo.  

Prezidan fransè a te fè deklarasyon sa yo sou kont Twitter li pandan yon sesyon Konsèy Nasyonal pou Refondasyon (CNR), ki konsakre nan sante jenn yo ki nan “Fontaine-le-Comte” touprè Poitiers nan Vienne.  

Pou Emmanuel Macron se yon ti revolisyon ak yon fason pou goumen kont maladi seksyèlman transmisib yo. “Maladi seksyèlman transmisib yo ap ogmante nan mitan jenn yo. Se poutèt sa n ap kòmanse yon ti revolisyon prevansyon”, toujou tradiskyon Kreyòl Ayisyen tweet la.  

Daprè sit enfòmasyon ewòp la ki pote non Europe 1, desizyon sa a konsène 2 pi gwo mak kapòt gason nan Frans “Eden” ak “Sortez couverts !” kote ap gen yon bon kou livrezon swa 6, 12 oswa 24 bwat kapòt nan famasi yo pou jèn ki gen laj 18 jiska 25 lane. 

Prezidan Emmanuel Macron raple nan yon lòt tweet, lide kapòt gratis sa baze tou sou plizyè lòt mezi tankou ;  kontrasepsyon ijans gratis pou tout fanm nan famasi yo, tès depistaj gratis san preskripsyon pwolonje nan lòt enfeksyon seksyèlman transmisib pase pran VIH pou moun ki poko gen 26 lane. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by