Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Yon nivo rekò pou ensekirite a an Ayiti ki pote ale yon milye moun pandan ane 2022 a

Share

Pa prèske gen yon jou an Ayiti pou nouvèl yo pa bay omwen yon moun ki pèdi lavi l oubyen kidnape. Darè Wo komisarya nasyonzini pou dwa moun, genyen pou ane 2022 a 1,448 moun ki pèdi lavi yo ak 1,005 lòt ki viktim kidnapin. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan okazyon jounen mondyal dwa moun lan, Wo komisè nasyonzini an, Volker Türk, ki te nan yon konferans pou laprès nan vil Jenèv, pale sou sitiyasyon Ayiti a kote prèske chak jou moun ap mouri akoz ensekirite oubyen kidnapin. 

Nan bilan Wo komisarya nasyonzini pou dwa moun yo prezante sou sitiyasyon Ayiti an montre genyen depi kòmansman ane a 1,448 moun ki pèdi lavi yo, 1,145 lòt ki blese ak 1,005 moun ki pase anba kidnapin anndan peyi a.  

Daprè Wo komisè nasyonzini pou dwa moun lan, Volker Türk, manm gang sa yo k ap teworize popilasyon an itilize egalman vyolans seksyèl pou fè moun pè nan lide pou kapab kontwole popilasyon an, jan sa te souliye nan yon rapò BINUH ki te pibliye nan mwa oktòb ki sot pase a. 

Wo komisè nasyonzini pou dwa moun lan kwè li inakseptab pou gen moun k ap pwofite de ensekirite sa ki nan chè sosyete a depi kèk tan ak soufrans popilasyon an nan yon peyi kote anviwon 5 milyon moun ap soufri grangou. 

Depi kòmansman ane a, chak 6 è gang yo touye pou pi piti yon moun, chak jou omwen 3 moun tonbe anba men kidnapè ak chak 8 è pou pi piti yon moun blese nan ensekirite jeneralize sa k ap taye banda nan peyi a, daprè Nasyonzini. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by