Categories: AN KREYÒL SANTÉ

Yon 10 milyon dola anplis pou fini konstriksyon Lopital jeneral

Share

Lopital Inivèsite Leta Ayiti a moun plis konnen sou non Lopital jeneral ap pare pou resevwa yon finansman 10 milyon dola ameriken nan men divès patnè entènasyonal pou kapab fini travay yo ki te lanse aprè tranblemantè 12 janvye 2010 yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ajans fransèz pou devlopman (AFD), Ajans amerikèn pou devlopman entènasyonal (USAID), Ministè ekonomi ak finans ansanm ak Ministè sante piblik siyen yon konvansyon finansman 10 milyon dola ameriken pou fini konstriksyon Lopital Inivèsite Leta a.  

Lajan adisyonèl sa pral pèmèt plan finansman pwojè konstriksyon Lopital jeneral la finalman konplete aprè anviwon dis lane depi inisyativ lan te lanse. Montan global pwojè sa depase 100 milyon dola kote Lafrans, Etazini ak Leta ayisyen se twa prensipal finansye yo. 

Nouvo fon sa ap bay esansyèlman pou finanse travay konstriksyon Lopital la ki sanse fini a 90 %. Yon pwojè ki te demare nan lane 2013 e ki te sipoze fini nan twa zan. Prèske dis lane aprè, travay yo toujou poko ka fini akoz tout kalite pwoblèm tankou lajan Leta ayisyen pa dekese a tan, twoub sosyopolitik, elatriye. 

Pwojè rekonstriksyon Lopital Inivèsite Leta a gen pou ofri peyi a yon lopital modèn ak yon kapasite plis pase 500 kabann, nan 10 batiman, sou yon sifas 25,078 m². Daprè AFD, Lopital tou nèf sa ta sipoze kòmanse bay yon sèvis bon kalite ak popilasyon an pandan ane 2023 a. 

 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by