Categories: INSECURITE

Plis pase 1400 sitwayen pati pou peyi san chapo nan vyolans ane sa nan peyi dayiti, dapre Nasyonzini

Share

Plis pase 1400 sitwayen pèdi la vi yo, ak plis pase 1000 kidnape anba men nèg ak zam ane sa a. Anons sila pote siyati Nasyonzini nan dat ki te 9 Desanm pase a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun nan, Volker Türk, mande pou “kouraj politik” ak responsablite, nan nivo nasyonal ak entènasyonal pou goumen kont enpinite sou zile a. 

“Depi nan konmansman an ane sa a, yon kantite plise 1,448 pèdi la vi yo, 1,145 blese ak 1,005 kidnape anba men gang,” komisè a te pale ak medya yo nan okazyon Jounen Mondyal dwa moun nan. 

Ayiti bloke pandan plizyè ane nan yon gwo kriz ekonomik, sekirite ak politik. “Kriz pwolonje miltidimansyon sa a pa ka inyore,” deklarasyon M.Turk. 

“Se yon peyi kote nèg ak zam yo kwè yo apiye pa elit ekonomik ak politik yo, kontwole plis pase 60% nan kapital la, kote anviwon 4.7 milyon moun fè fas ak grangou,” deklarasyon M.Volker 

Fòs polis ayisyen an ki te monte dapre Nasyonzini an nan 13,000 ajan aktif nan mwa septanm nan, ki se yon rapò ape prè yon polisye pou 1000 moun, pa ase. 

Rekèt gouvènman ayisyen an te fè nan kòmansman mwa oktòb la pou “asistans entènasyonal pou rezoud kriz sekirite a poko swiv. 

Misye Turk akize gang yo dèske yo sèvi ak “vyolans seksyèl pou fè laperèz ak egzèse kontwòl popilasyon an”. Dapre yon rapò ki pibliye nan mwa Oktòb pa Nasyonzini an, timoun ki gen 10 lane ak granmoun yo dwe konte pami viktim kolektif yo.

 

Kethia Saint-Marc

Kethia Saint Marc

Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.

Leave a Comment
Published by