Categories: AN KREYÒL

15 moun kidnape abò yon bis ki t ap sot Pòdepè

Share

Bandi ak zam detounen yon bis nan kòmansman semèn nan ki t ap asire transpò Gwo Mòn – Pòdepè. Premye enfòmasyon yo fè kwè kriminèl yo kenbe yon kenzèn pasaje an otaj suit ak zak la. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi lendi 12 desanm nan, 15 moun pa rantre lakay yo aprè bandi nan Gwo Mòn te fin detounen yon bis ki t ap transpòte yo, pami viktim yo sekestre yo genyen Jamsky Rolph Eugène ki se yon jenn doktè. 

Pa reyèlman gen twòp detay ki bay sou dènye kou sila bandi nan gran Nò, patikilyèman nan Gwo Mòn, pote kont manb nan popilasyon an, alòske veyikil la t ap sot Pòdepè. Toutfwa otè zak yo mande gwo lajan pou libere viktim yo. 

N ap raple, detounman bis ak tout moun vin kouran anpil nan Nò peyi a, nan mwa me 2022 a bandi ak zam te kidnape yon ventèn moun ki te abò yon ti bis ki t ap asire transpò ant Pòdepè ak Gonayiv. Pi fò viktim yo te lage kont lajan. 

Tout sa yo fèt malgre Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) te deklare an jen 2022, « li demantle 90% gang k ap opere nan depatman Nòdwès peyi a ». Lè sa Enspektè divizyonè Léonel Joseph te menm bay garanti wout Gwo Mòn nan, moun te ka pratike l kè pòpòz. 

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by