NETALKOLE

Manifestasyon nan Jeremi kont prezans Bato-lopital ameriken USNS Comfort 

Plizyè santèn abitan nan Jeremi pwoteste ayè madi 13 desanm lan kont prezans Bato-lopital ameriken USNS Comfort nan vil la. Pwotestatè yo t ap reklame yon entèvansyon militè pou vin konbat gang yo nan peyi a nan plas asistans medikal sa. 

Pandan menm jounen sa, gen 2 sòlda marin amerikèn ki rive blese nan yon ensidan pandan rive Bato-lopital ameriken an sou kot Jeremi an nan zòn operasyon 4èm flòt ameriken an, daprè sa ki sòti kòm enfòmasyon bò kote Marin amerikèn nan yon kominike. 

Gen yon total 19 manm pèsonèl la ki te tonbe nan dlo an pandan transfè yon ti bato nan USNS Comfort lan ki rantre an Ayiti, prensipalman nan Jeremi, pou pote asistans medikal ak sitwayen yo nan vil sa. 

Gras ak efò Gad kot yo, tout pèsonèl la te rive rekipere an sekirite. De sòlda blese yo, toujou daprè otorite Marin amerikèn yo, ta pral pran swen nan Bato-lopital la e ta sipoze retabli konplètman. 

Sitiyasyon panik sa nan vil Jeremi an lakoz aktivite yo te kanpe nan Bato-lopital ameriken USNS Comfort lan pou jounen 13 desanm lan e ta sipoze redemare jodi mèkredi an. 

 

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Articles Similaires

1 de 1 075