Categories: NETALKOLE

Ki sa ” Karma” ye an reyalite ?

Share

Nan tan lontan, se te yon pratik relijye tankou ” bouddhisme ak l’hindouisme” Karma vle di aksyon, li anglobe sa ki kache dèyè yon aksyon tankou : panse yo, mo yo ak jès yo. Sa ki vle di fason yon moun aji se konsa l ap jwenn rezilta daprè lwa ” Karma” a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Daprè kèk enfòmasyon gen move “Karma” gen bon tou. siw gen move panse sa vle di ou gen yon move ” Karma” siw gen yon bon panse tou, sa vle di ou gen yon bon. Daprè lwa sila chak aksyon ta sipoze byen reflechi. 

Èske ” karma” egziste reyèlman ? 

Daprè sa nou kapab remake, gen plizyè sitwayen ki konsidere ” karma” tankou yon mit. Pou anpil nan yo se leve jwenn, gen moun ki di saw kwè a se li menm k ap rive. Yon lòt bò gen moun ki kwè ladann san ezite, yo konsidere l kòm yon lwa nan nati a.  

” Pou mwen Karma se yon bagay ki reyèl pesonn moun pa ta menm bezwen doute, lè n ap gade gwosè lanati mwen wèl t ap enposib pou l ta kreye san lwa. Imajine moun k ap plede fè malfektè yo, kap tiye inosan san vire gade dèyè yo pou sa ta rete konsa, gen yon panse ki di saw fè se liw wè”, deklarasyon Junior Pierre ki se yon jenn edidyan. 

Fòk nou di tou si majorite sitwayen te kwè ladann pa t ap gen nivo mechanste sa nan tout mond lan, espesyalman nan peyi dayiti. Anpil moun tap aji ak krentif paske yo t ap kwè aprè chak aksyon yo fi poze gen yon konsekans k ap tann yo. 

Genyen pou pi piti 12 lwa ” Karma ki egziste 

1) Pi gwo lwa di; saw plante se liw rekolte 

2) lwa kreyasyon 

3) lwa imilite  

4) lwa kwasans 

5) lwa responsabilite 

6) lwa koneksyon 

7) lwa atansyone 

8) lwa renmen bay  

9) lwa Chanjman 

10)lwa nan espas sa epi kounya  

11) lwa pasyans 

12) lwa enpotans 

Plizyè fanmi viktim anba zak malonèt nèg san fwa ni lwa nan peyi dayiti, anpil nan fanmi sa yo t ap renmen jwenn jistis. Yon mo ki pa vrèman egziste nan vokabilè peyi nou. Kounya èske yo kapab espere jistis daprè lwa” Karma”? ou dimwens eske yo ka vanje pou tèt yo, si tout fwa yo ta eseye fè sa eske “Karma” pap ret tann yo tou ?  

REDAKSYON : Kethia Saint Marc 

 

Kethia Saint Marc

Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.

Leave a Comment
Published by