Categories: AN KREYÒL SPORTS

Transfè : aprè Cristiano Ronaldo, Al Nassr vle siyen Sergio Ramos

Share

Transfè Cristiano Ronaldo nan klèb sawoudyen an bay Al Nassr plis vizibilite ak plis anvi pou l fè vini anpil lòt gran jwè ki estime karyè foutbòl yo fini nan wo nivo a. Aprè klèb Al Nassr finn siyen star potigè a, li vle genyen sèvis yon jwè tankou Ramos kap jwe nan PSG. Daprè jounal AS, antrenè klèb la ki se Rudi Garcia ta byen renmen genyen ansyen jwè Realmadrid la nan ekip li.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 

Al Nassr vle genyen ansyen jwè Realmadrid la pou mwa jen kap vini la, daprè AS dirijan sawoudyen yo ap komanse diskite ak dirijan PSG yo 19 janvye kap vini la, yon dat kote 2 klèb yo ap gen pou yo toke konn yo nan yon match amikal.

 

Aprè yon sezon difisil defansè PSG a anvi rete nan klèb Paris a pou l kontinye jwe. :

” Mw ta renmen jwe 4 oubyen 5 lane ankò nan wo nivo a epi aprè sa fè lòt bagay. M gen 2 lane nan PSG, men m pral eseye fè yon twazyèm, aprè, n ap gad sa n ka fè” pawòl champyon Mondyal 2010 la sou Amazon Prime.

 

Jwè 36 lane a pa rive konvenk dirijan PSG yo ase, aprè 2 sezon tonbe leve,  li posib pou yo ta fè yon bon kòb nan transfè Sergio Ramos la, pou yo ta siyen pi jen jwè. Nan sans sa afè ak Al Nassr parèt yon bon posibilite pou yo, men desizyon jwè a peze anpil nan balans lan. Transfè Cristiano Ronaldo a kapab fè peyi Arabisawoudit la tounen yon nouvo Eldorado pou jwè ki vle fini karyè yo ak anpil lajan.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by