Categories: AN KREYÒL SPORTS

Rivaldo : “ Kontra Cristiano a se yon rekonpans li merite ”

Share

Anpil moun kritike chwa Cristiano Ronaldo fè a pou l al jwe nan peyi Arabi Sawoudit ak yon kontra ki fè l vini foutbolè k ap touche plis kòb nan mond lan. Fas ak tout kritik sa yo, ansyen jwe Brezil la, Rivaldo pran defans Pòtigè a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Ak prèske 38 lane sou tèt li, Cristiano Ronaldo estime li pa gen anyen pou l pwouve nan foutbòl ewopeyen an ankò. Apre Mondyal 2022 a, li siyen ak klèb Sawoudyen ki rele Al-Nassr la e l ap anpoche 200 milyon Ewo chak sezon. Akoz gwo sòm sa, anpil moun estime se lajan ki fè Cristiano al jwe nan yon peyi kote nivo foutbòl la pi fèb pase foutbòl Ewòp la. Rivaldo pa pataje avi sa. 

Ansyen entènasyonal Brezilyen an te pran lapawòl pou l pote soutyen l bay CR7 e reponn detraktè l yo : “ Yon jwè tankou Cristiano p ap panse ak lajan paske l pa gen bezwen l. Si m te nan plas li, m t ap ran menm desizyon an ” konsa chanpyon Mondyal 2002 a te kòmante sitiyasyon an. 

Balon dò 1999 la te pouswiv pou l fè konnen : “ Kontra Cristiano a se yon rekonpans byen merite e aboutisman tout sa l fè nan mond foutbòl la ”.  

Apre tout sa Cristiano fè nan foutbòl Ewopeyen an li te enpòtan pou l t al repoze l nan yon chanpyona ki gen mwens egzijans. E si sa vini ak yon gwo paktòl, se pi bon pou Lizitanyen an paske li bay foutbòl tout lavi l depi prèske 20 lane. 

 

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by