Categories: AN KREYÒL

Daprè yon etid, bwason enèjisan lakoz gason pèdi cheve yo

Share

Daprè yon etid syantifik nan inivèsite Tsinghua ki tabli kò l nan vil Peken kapital peyi lachin, bwason enèjizan yo mesye yo pran pou enèji, fòs, andirans ak pou anpeche domi pran yo lè yo dwe travay, ka lakoz yo pèdi cheve nan tèt yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Souvan, nou remake mesye yo chòv oubyen chankre, kèk fwa sa soti nan jèn li, laj l ap pran, oubye estrès, men defwa tou se enfliyans androjèn yo ki se òmòn gason yo, genyen sou sistèm yo ki lakòz y ap pèdi cheve yo. Se pa sèlman sa, pwiske chèchè yo nan inivèsite Tsinghua nan peyi lachin, dekouvri, konsome bwason enèjizan yo, se youn nan koz ki fè cheve mesye yo ap tonbe.  

Etid sa te fèt sou 100 gason ki bwè bwason enèjizan anpil, yo te gen pou yo konsome pandan eksperyans sa, ant youn ak twa lit bwason sa yo chak jou, pandan yon semèn, epi note kisa ki rive yo pandan peryod sa. Rezilta yo montre, moun ki konsome plis pase yon sèl bwason enèjizan nan yon jounen, gen 42% chans pou yo pèdi cheve yo, pase yon moun ki pa bwè okenn nan yo ditou.  

Mesye yo te fè konnen yo remake tou lè yo konsome anpil bwason sikre, yo pèdi cheve yo anpil tou, menm jan ak gason ki estrese. 

Pou evite mesye yo pèdi cheve nan tèt yo san se pa yon koz jenetik, li t ap konseye pou yo ralanti sou bwason sikre yo ak bwason enèjizan yo, epi tou pou yo kenbe yon alimantasyon sen ak ekilibre paske, manje bon bagay ki bon pou kò a, ede cheve pouse. 

 

Sam Sarah Devilus

Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.

Leave a Comment
Published by