Categories: AN KREYÒL AVIS

Stanley Dolivert prèske avèg li lage san soutyen

Share

Stanley Dolivert, yon jenn gason 23 lane ap soufri depi kèk tan ak yon maladi glokòm, sa ki lakòz tout aktivite l kanpe menm lekòl li paka kontinye paske chak jou pi plis, eta sante zye li ap anpire.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Li fèt yon 24 novanm 1999, nan lokalite Matisan, se la a li grandi epi kòmanse etid eskolè li. Li grandi nan men manman l, papa l ak yon gran sè li, li se tou yon jenn kretyen. Se nan lane 2017, li pral santi yon twoub nan nivo zye li, li pa t prete atansyon ak sa paske li te toujou konprann se pousyè ki lakòz sa.

Nan lane 2021, aprè li ta pral santi malèz la ap dechennen, li deside kòmanse yon tretman andedan lopital jeneral. Aprè plizyè egzamen doktè aprann li Glokòm li pozitif, daprè sa medsen lopital jeneral yo te fèl konnen, “se pa yon maladi ki trete rapid, li amelyore chak fwa ou pa neglije tout tretman ki nesesè yo”.

Stanley ki te vle sove zye li, te blije kontakte kèk pwòch li pou soutni l nan mwayen yo genyen, paran l ki fin rantre nan laj paka reponn ak bezwen li vwa pou ta jwenn mwayen pou ede l ak tretman yo. ” Mwen te kòmanse tretman an gras ak kèk zanmi ki te vle edem sove zye a, aprè gè nèg ak zam nan zòn Matisan an, prèske tout moun ki t ap soutni m yo kite katye a”, deklarasyon Stanley.

Maladi tankou Glokòm yo vrèman vre ka amelyore, daprè rechèch yo toutotan maladi a pase nan yon nivo se plis pasyan an ap konsome lòt dòz diferan, toutotan gen ajou nan medikaman yo se plis w ap bezwen plis kòb, mwayen Stanley pa vrèman reponn ak egzijans medsen yo solisite l pou tretman li yo. Toutfwa, li rete kwè yon jou BonDye ap voye yon pwochen sou wout li.

Stanley itilize nimewo sa a +509 39 04 4462, si yon moun ta vle kontalte l pou edel kontinye pwosè medikal yo, li gen MonCash sou li tou epi li gen WhatsApp sou menm nimewo a.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by