Categories: AN KREYÒL

Daprè Pap François “Omoseksyalite se yon peche, men pa yon krim”

Share

Pap François, nan yon entèvyou li bay madi 24 janvye 2023 a ak ajans nouvèl AP,  deklare lwa ki kriminalize omoseksyalite nan mond lan “enjis”. Pap la di Bondye renmen tout pitit li yo nenpòt jan yo ye e li te mande Evèk Katolik ki sipòte lwa yo pou akeyi moun LGBTQ2+ nan Legliz yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

“Lè ou omoseksyèl se pa yon krim,”  te afime Pap François nan yon entèvyou eksklizif Madi 24 janvye a ak The Associated Press (AP) 

Reprezantan Bondye sou latè, pou Kalolik yo, te rekonèt gen kèk Evèk Katolik nan kèk pati nan mond lan ki sipòte lwa ki kriminalize omoseksyalite  oswa diskriminasyon kont moun LGBTQ2+, e li menm li te refere a pwoblèm nan an tèm de “peche” nan tan lontan an.  Men, li te atribiye atitid sa yo ak orijin kiltirèl e li te di Evèk yo an patikilye dwe sibi yon pwosesis chanjman pou rekonèt diyite tout moun. 

“Evèk sa yo dwe gen yon pwosesis konvèsyon,” li te di, e li te ajoute yo ta dwe aplike “tandrès, tanpri, jan Bondye te fè pou chak nan nou.” 

Pap François te ajoute pou l di omoseksyèl yo ta dwe akeyi epi respekte, li di  yo pa ta dwe majinalize oswa sibi diskriminasyon. “Nou tout se pitit Bondye, e Bondye renmen nou jan nou ye,” deklare Pap la.  

Deklarasyon sa yo konfime pozisyon Vatikan an, ki nan mwa mas 2021 an te deja ensiste pou l fè konnen Legliz la te konsidere omoseksyalite kòm yon “peche”  tout pandan yo te opoze ak benediksyon maryaj omoseksyèl yo. 

N ap raple, 67 peyi oswa jiridiksyon atravè mond lan kriminalize aktivite seksyèl konsantyèl menm sèks, 11 ladan yo kapab oswa enpoze pèn lanmò a, dapre Human Dignity Trust, ki ap travay pou mete fen nan lwa sa yo.  Espè yo di  menm kote lwa yo pa aplike, yo kontribye nan asèlman ak vyolans kont moun LGBTQ2+. 

 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: crime homosexualite Pape Francois péché