Galtier an danje, Mourinho nan pou pale ak PSG 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
galtier an danje, mourinho nan pou pale ak psg 

Aprè defèt PSG nan Champions League la fas ak Bayern(0-1) pou 8tyèm final la. Antrenè PSG a, Christophe Galtier gen gwo pwoblèm nan tèt klèb parizyen an; li kapab pèdi travay li, si l ta pèdi match retou an nan Allianz Arena. Daprè RMC Sport José Mourinho se antrenè ki kapab vin ranplase Galtier. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antrenè  fransè a, Galtier gen anpil pwoblèm nan tèt ekip PSG a aprè defèt li fas ak Bayern nan Champions League la. Staff PSG a gentan anonse anpil non ki kapab vin ranplase fransè a, tankou Thomas Tuchel ki kapab tounen epi Zinedine Zidane ki pa travay depi aprè l te finn antrene Real Madrid. Men non k ap site pou kounya se José Mourinho.

 

Aprè RMC Sport te fin bay nouvèl kòm kwa Mourinho kapab vin antrene PSG, depi klèb kapital la ta elimine nan Champions League la. “Foot Mercato” ale nan menn sans lan, pou l fè konnen antrenè Potigè a se youn nan sib PSG yo.

 

Mourinho ki gen yon kontra ak AS Roma pou jis 2024 ap bay pwoblèm ak transfè a, paske fòk PSG ta peye pou l genyen sèvis Special One nan. Sa ki pap posib, pou rezon fair-play finansye; yon risk PSG ka pa pran pou l pa gen pwoblèm ak FIFA.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive